
07/07/2025
Arive 15 polisye UDMO sou zile La Gonav / Poukisa se pa t ‘’ La marine Haïtienne ?
Jodia lendi 7 jiyè a , nou remake sou plizyè medya anliy nan La Gonav arive 15 polisye UDMO sou zile a . Selon sa n wè ki ekri , yo di se pou yo vin konbat ensekirite sou ki gen sou zile a ak ranfòse fòs lòd yo nan awondisman La Gonav .
Nou panse nan kad prevansyon se yon bon bagay , paske La Gonav menase anpil nan dènyè tan sa yo .Lefèt ke gen anpil kote nan peyi a se bandi k ap fè la lwa , sa vin rann anpil kote vin vilnerab pami yo La Gonav .
Men, kesyon nou ta renmen poze : Poukisa se pa t ‘’ La Marine Haïtienne ‘’ yo te voye la olye polisye UDMO sa yo ? Lè n konnen kouman nèg ak zam ap tayè banda sou lanmè a nan nwit Kòm jou , kote ke l ap detounen vwaye k ap soti oubyen antre sou zile a . Anpil komèsan ap pèdi machandiz yo sou lanmè a , e nèg ak zam yo konn menm arive kinnapè marin ak pasajè ki konn nan batiman( vwaye ) mande gwo lajan pou libere yo .
Nou ta renmen kennen eskè polisye UDMO sa yo ap ka rive konbat ensekirite ki gen sou lanmè a ?