RADIO TÉLÉ MISSO

RADIO TÉLÉ MISSO En matière de la radio diffusion nous faisons la différence sur le cadran.
(3)

La RADIO TÉLÉ MISSO depuis santiago de chile , on vous donne tous ceux dont dont vous avez besoin : information , musique , politique , variétés . Radio Tele Misso se yon konpleman esansyèl sou Zeno fm

Se yn enstriman enfomatif, edikatif ak kominikasyon patisipatif komen ak nesesè pou tout eleman sosyal epi ki gen kapasite pou asire devlòpman yn lokalite oswa yon rejyon

26/11/2025

👑✨ *Konkou-a louvri! Miss Ayiti nan Chili 2025–2026* ✨👑
Jèn ayisyèn ak pitit desandan ayisyèn 🇭🇹 kap viv Chili 🇨🇱, men moman pa nou pou nou *briye, grandi ak pran konfyans nou* ! 💫
Nou gen *3 kategori :
💖 Teen ( *14–17 an* )
🌸 Miss ( *18–29 an* )
🌟 Lady ( *30 an monte / manman apati de 18 an* )
Kondisyon: gen orijin ayisyèn, an sante, gen bon jan senpati epi gen lanmou pou mond mòd ak kilti.
👩‍👧 Paran ak responsab yo, nou envite nou enskri pitit fi nou oswa fanmi nou atravè lyen ki anba a oswa kontakte nou nan nimewo sa a 📞 *+569 3941 5909
🔗 Enskri la : https://forms.gle/gb3jqTJoqzGaTEvH7

RADIO TÉLÉ MISSO Emission Variétés Plus BDM ,MET VIL LA #1 Radio Télé La Belle Créature Radio Louco FM RADIO DJEN Sifwano comedien Comunidad Haitiana en Chile Enfo migran Premisede média TV Ambassade d'Haïti au Chili / Embajada de Haití en Chile Fundación ANN PALE FANMI Transparan Infos Mission Eglise Chrétienne Baptiste Pain de Vie

⛔️ CONCACAF : Haïti prend la tête du classement caribéen !La sélection haïtienne est désormais leader de la Caraïbe, por...
26/11/2025

⛔️ CONCACAF : Haïti prend la tête du classement caribéen !

La sélection haïtienne est désormais leader de la Caraïbe, portée par son retour historique en Coupe du monde de la FIFA. Les Grenadiers occupent la première place du dernier classement régional et grimpent au 7e rang de la CONCACAF.

L’indice de la CONCACAF évalue toutes les équipes nationales de la confédération, en attribuant des points selon les performances en Ligue des Nations, Gold Cup, qualifications pour la Coupe du monde et autres rencontres internationales.

Via Haïti Tempo

⛔️ENFO Sispens lan leve. Non an pran lari. Pandan otorite amerikèn yo pa deside site pyès non, ebyen medya ameriken Miam...
26/11/2025

⛔️ENFO

Sispens lan leve. Non an pran lari. Pandan otorite amerikèn yo pa deside site pyès non, ebyen medya ameriken Miami Herald ak Associated Press revele l. E se Fritz Alphonse Jean li menm ki konfime enfòmasyon an pou AP. Jodi madi 25 novanm 2025 lan,🇺🇸Gouvènman ameriken an mete restriksyon sou reprezantan akò Montana nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, paske yo akize l kòmkwa lap sipòte gang kriminèl teyoris🇭🇹Ayiti. Etazini akize ansyen koòdonatè CPT a kòm moun kap anpeche gouvènman an fè batay kont gang yo. « Depi lè nou kòmanse egzaminen posiblite pou chanje Chèf gouvènman an, manm CPT yo kòmanse resevwa menas anilasyon viza ak sanksyon bò kote reprezantan Anbasad amerikèn ak Anbasad Kanada », se sa Fritz Alphonse Jean di Associated Press. Ansyen gouvènè bank santral la fè konnen diplomat yo te klè, e yo te di : « si nou pa renonse a pwojè sa a, nap fè fas a sanksyon, epi anilasyon viza ». Fritz A. Jean deklare lap rete fèm nan batay kont koripsyon, kont endividi kap pran leta a an otaj, kont operatè ki enplike nan trafik dwòg, zam ak katouch | LSV

⛔️Parmi les 42 pays déjà qualifiés pour la Coupe du monde, Haïti est celui qui présente la plus faible probabilité (0,02...
25/11/2025

⛔️Parmi les 42 pays déjà qualifiés pour la Coupe du monde, Haïti est celui qui présente la plus faible probabilité (0,02 %) de remporter la compétition le 19 juillet prochain. 🇭🇹

🗞️

25/11/2025

🌅 RECHARGE SPIRITUELLE – Chak Maten 5h AM (Rep. Dom) / 6h AM (Ayiti) 🌄
Sou Radio Télé Humilité

Yon moman pou renouvle lafwa ou, chèche prezans Bondye, e kòmanse jounen an anba direksyon Lespri Sen.

📖 Meditasyon biblik
🙏 Lapriyè entansif
🎶 Adorasyon ak louanj
🕊️ Mesaj espwa ak direksyon

📡 Swiv nou sou Facebook, YouTube & TikTok
📍Powered by Radio Télé Humilité – Former, Informer, Divertir

25/11/2025

🎙️ Sports Précision sou Radio Télé Humilité
Yon randevou espòtif chak dimanch swa ki pote analiz, debat, ak dosye cho nan lemonn spò a!

⚽🏀🎾🏁
— Rezilta ak klasman
— Transfer ak rime
— Dosye espesyal sou ekip nasyonal la
— Entèvyou ak analis

📡 Swiv nou sou Facebook, YouTube & TikTok
📞 Kontakte nou: +1 849-341-6278
Radio Télé Humilité – Former, Informer, Divertir

24/11/2025

Lansman Ofisyèl Konkou ,nan yon Konferans pou laprès yo bay Ayè Dimanch 23 Novanm 2025 lan. Yo fè konnen Komite Miss Haïtien Chile gen yon nouvo Sponsor ki rele Canoro pou 5èm Edisyon an. Ann koute deklarasyon yo nan Mikwo RADIO TÉLÉ MISSO .

🎥🎤: BDM ,MET VIL LA #1 || Depi peyi Chili 🇨🇱

Flash! FLASH 🚨‼️ Yon avyon konpayi Sunrise Airways te pran bal jounen dimanch, 23 Novanm 2025 la, pandan li t ap prepare...
24/11/2025

Flash! FLASH

🚨‼️ Yon avyon konpayi Sunrise Airways te pran bal jounen dimanch, 23 Novanm 2025 la, pandan li t ap prepare pou l dekole pou Okay (Les Cayes).

Dapre enfòmasyon nou rive jwenn, avyon an ta resevwa plizyè bal sou p*s Ayewopò Guy Malary, kèk segond anvan avyon an te genyen pou l kite.

Jiska kounye a, pa gen okenn enfòmasyon ofisyèl ki konfime si te gen pasaje oswa manm ekipaj ki blese pandan tire a.

Nan yon kominike piblik dat 23 novanm 2025, Sunrise Airways fè konnen ke yo sispann imedyatman tout vòl ki sòti oswa ki antre nan Pòtoprens, jiskaske gen nouvo dispozisyon.

Konpayi an deklare desizyon sa a fèt esanman ak nesesite pou pwoteje pasaje yo, ekip yo ak tout operasyon yo, konsidere sitiyasyon sekirite a ki vin pi dejenere nan kapital la.

Sunrise Airways di l ap kontinye swiv evolisyon sitiyasyon an ansanm ak otorite konpetan yo, epi pa gen okenn retou operasyonèl ki prevwa tanke kondisyon sekirite pa amelyore pou pèmèt avyon vole.

24/11/2025

⚽🏀 Emisyon Sports Précision | Chak Dimanch 6h PM sou Radio Télé Humilité 📻

Fanatik espò yo, rasanble nou!
Sports Précision se kote tout nouvel cho yo desann:
✅ Rezilta ak analiz match yo
✅ Kalifikasyon Ayiti pou Mondyal 2026 🇭🇹
✅ Transfer, stratégi, statistique
✅ Entèvyou ak ekspè ak pasyonè

🎙️ Yon emisyon ki mete presizyon sou tout sa k ap fèt nan mond espò a.

📍Sou Radio Télé Humilité
🕕 6h PM (Ayiti) / 7h PM (Rep. Dom)
🌐 Ap viv sou Facebook, YouTube, TikTok, ak aplikasyon Radyo a

Espò se lavi. Pa rate randevou a!

⚫️Lejandè chantè, konpozitè epi gitaris gwoup   lan, Dadou Pasquet mouri a laj 72 zan.Se atravè paj Facebook ofisyèl ati...
23/11/2025

⚫️Lejandè chantè, konpozitè epi gitaris gwoup lan, Dadou Pasquet mouri a laj 72 zan.

Se atravè paj Facebook ofisyèl atis la nouvèl la te rive konfime, kote yon administratè anonse disparisyon mizisyen an nan yon mesaj piblik ki te pibliye an anglè, fransè epi kreyòl.
Pou kounye a, okenn detay pa bay sou sikonstans lanmò a.

Sous: Salon magazine

23/11/2025

🎙️ San Triye San Vannen se plas kote n pale tout sa k ap pase nan sosyete a san filtè, san patipri.
👉 Jodi a, nou mete limyè sou:
1. Efè menas viv ansanm sou lekòl
2. Kalifikasyon ekip Ayiti pou Mondyal la 🇭🇹⚽
3. Sektè prive fas ak anviwònman an
4. Echèk gouvènman defakto a
5. Neglijans nan domèn sanitè
6. Kriz gaz an Ayiti ⛽
7. Eske PM nan sou wout pran kanè?

📅 Dimanch
🕑 2h PM (Haïti) / 3h PM (Rep. Dom)
📡 Sou Radio Télé Humilité
📲 Swiv nou sou Facebook, YouTube, TikTok

🌐

Dirección

LAS RETAMOS
Cerro Navia
9080000

Teléfono

+56978530795

Página web

https://tunein.com/radio/Radio-Tl-Misso-s295211/, https://keepone.net/radio/k142009/radi

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando RADIO TÉLÉ MISSO publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Compartir

Categoría