Sassoue Creation

Sassoue Creation Suivez vos Rêves ils Connaissent le Chemin

Dam sa rele Roselaure li pote plent kont papa 2 pitit li ki se yon Citizen ameriken Paske se 100 dola nèg la ba li chak ...
01/09/2026

Dam sa rele Roselaure li pote plent kont papa 2 pitit li ki se yon Citizen ameriken
Paske se 100 dola nèg la ba li chak mois poul okipe timoun yo

Dèy nan kominote ayisyen an nan Springfield Ohio. Pierre Damas Bel ki se yon jèn ayisyen 20 lane ta touye tèt li paske l...
01/09/2026

Dèy nan kominote ayisyen an nan Springfield Ohio. Pierre Damas Bel ki se yon jèn ayisyen 20 lane ta touye tèt li paske li pat santi li konfòtab ak bwaslè elektwonik ajan imigrasyon te mete nan pye li.

Bandi pran Kenny avèk mennaj li, yo touye Kenny epi boule kadav liSe avèk anpil tristès nou aprann nouvèl lanmò jenn gas...
20/08/2026

Bandi pran Kenny avèk mennaj li, yo touye Kenny epi boule kadav li

Se avèk anpil tristès nou aprann nouvèl lanmò jenn gason sa a ki rele Kenny. Selon enfòmasyon nou jwenn, Kenny te abite Delmas 30, men apre bandi te mete presyon sou moun nan zòn nan, li te kite katye a pou al rete nan Delmas 40.

Dapre enfòmasyon k ap sikile, Kenny te nan yon relasyon amoure ak yon jèn demwazèl. Gen enfòmasyon ki fè konnen demwazèl la ta gen lyen ak gang yo kap feraye nan peyi a. Se nan kontèks sa a, dapre sous nou yo, bandi yo ta pran Kenny ansanm ak demwazèl la. Yo ta touye Kenny epi boule kadav li.

Sepandan, gen yon lòt vèsyon enfòmasyon ki di Kenny te vrèman renmen demwazèl la, men li pa t konnen si li te gen okenn relasyon oswa kontak ak gang yo. Se konsa, pandan Kenny t ap soti avèk li, bandi yo ta pran yo tou 2 ansanm. Jiskaprezan, enfòmasyon sou wòl egzak demwazèl la nan tout sa a rete nan konfizyon e yo bezwen verifye.

Mezanmi, jèn gason yo dwe aprann pi byen reflechi, sitou nan moman difisil sa a kote peyi a ap travèse yon gwo kriz. Gen anpil risk nan yon seri relasyon atè a ,paske anpil jèn fi kou jèn gason gen lyen ak yon seri de gang nan peyi a, sitou nan kèk zòn tankou Delmas.

16/08/2026

Sunday Service

Eske sevre ?Paske mkonn gen moun ka Mande $50 pou komanse yon biznis
16/08/2026

Eske sevre ?
Paske mkonn gen moun ka Mande $50 pou komanse yon biznis

Patricia latour gentan bay pri ves ex mari l la nou wè jalouzi a
15/08/2026

Patricia latour gentan bay pri ves ex mari l la nou wè jalouzi a

15/08/2026

M pa kwè bagay sa...🤣🤣🤣 Adye se pa BOSS Tiktok la lage videyo STEPH nan lari, m pap di se bon. Jèn fanm kounyea pa vle travay. Se rete sou tiktok ap fè buzen.

🔴 Renold Raphaël, anpil moun konnen sou non Djolo Belgason, ki te vwayaje Ezetazini atravè pwogram Biden nan, ki te konn...
15/08/2026

🔴 Renold Raphaël, anpil moun konnen sou non Djolo Belgason, ki te vwayaje Ezetazini atravè pwogram Biden nan, ki te konn toujou ap plenyen pou kondisyon difisil li tap viv Etazini, finalman retounen an Ayiti.

Nan yon videyo li pibliye sou paj TikTok ak Instagram li, nou wè Djolo nan lari Okap, nan yon zòn ki sanble sitiye ant Ri 17 B ak Ri 18 B. Li tap pouse yon bourèt byen dekore ak bèl limyè, kote lap vann wonm Barbancourt nan bourèt la.

Pandan lap pouse bourèt la, gen yon kliyan ki mandel poukisa li deside retounen an Ayiti, Djolo reponn: "Mwen vin nan peyim poum kontinye travay mwen patko fin fè a”.

Sepandan, Djolo pa konfime si li retounen definitivman oswa si li gen plan poul retounen Etazini. Nou poko konnen nonplis si li retounen volontèman.

Pou kounya, sèl sa ki parèt klè, sèke Djolo Belgason prezan nan vil Okap, kote li rekòmanse aktivite li nan lari a.

14/08/2026

Bawon plèn lan libere 3 medam li t mete nan prizon

🔴 Kensa Joseph, yon jèn enfimyè ki te fenk gradye, mouri apre li fin resevwa yon bal nan vant nan Lakou Lakay paran li, ...
14/08/2026

🔴 Kensa Joseph, yon jèn enfimyè ki te fenk gradye, mouri apre li fin resevwa yon bal nan vant nan Lakou Lakay paran li, nan zòn Dèyè-Fò, Okay.

Daprè temwayaj papa viktim nan ki se Jean Wilner Joseph, dram nan pase bò 11è nan maten jedi 13 dawout 2026 la, nan lakou lakay li, pandan li tap goumen ak yon mesye ki rele Jeff ansanm ak yon lòt endividi nan kad yon konfli pou tè. Kensa te pwoche pou mande papa li sispann goumen an, men endividi ki te akonpaye Jeff la ta tire yon bal, malchans pou Kenssa bal la pranl nan vant.

Papa Kensa te kouri mennenl lopital pou eseye sove lavi li. Malerezman, pandan li tap resevwa swen, li rann dènye souf li. Aprè zak la, 2 mesye yo monte sou motosiklèt yo epi yo pran lafwit.

Kensa Joseph te soti nan pwomosyon 2021–2025 nan Lekòl Nasyonal Enfimyè Okay. Li te resevwa diplòm ak lisans li nan mwa janvye 2026 epi li te fè sèvis sosyal li nan Lopital Imakile Konsepsyon Okay.

Dirección

Santiago

Teléfono

+56999139165

Página web

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Sassoue Creation publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Contacto La Empresa

Enviar un mensaje a Sassoue Creation:

Atajos

Compartir