23/11/2025
🚨🇭🇹 Ayiti Ensekirite | Yon avyon Sunrise pran bal jounen dimanch, 23 Nov 25 lan, pandan li t ap pral dekole pou vil Okay .
✴️Dapre enfòmasyon nou rive jwenn, avyon an ta resevwa plizyè bal sou p*s Ayewopò Guy Malary, kèk segond anvan avyon an te genyen pou l kite.
⏺️Jiska kounye a, pa gen okenn enfòmasyon ofisyèl ki konfime si te gen pasaje oswa manm ekipaj ki blese pandan tire a.
✍️Nan yon kominike pibliye Jodi Dimanch 23 nov 25 lan, Sunrise Airways fè konnen ke yo sispann imedyatman tout vòl ki Ap sòti oswa antre nan Pòtoprens, jiskaske Sitiyasyon Sekiritè la Favorab .
Lakay Se Lakay Rèd