02/06/2026
Polis Nasyonal Ayiti )an kolaborasyon ak Task Force la, te mennen yon gwo operasyon sekirite nan zòn Village de Dieu kont gang “5 Segonn” lan, ki dapre otorite yo, ap opere anba direksyon Johnson André alyas Izo.
Selon enfòmasyon ki disponib yo, fòs lòd yo te mobilize plizyè mwayen espesyal pandan entèvansyon an, tankou dron eksplozif, machin blende ak yon pèl mekanik blende. Operasyon an te vize plizyè pozisyon estratejik gang lan te itilize nan zòn nan.
Pami estrikti ki te detwi yo, gen yon kay ki ta sèvi kòm rezidans yon chèf gang yo idantifye sou non “Manno”. Temwen yo rapòte plizyè eksplozyon ak gwo mouvman fòs sekirite yo pandan operasyon an.
Jiska moman sa a, otorite yo poko pibliye okenn bilan ofisyèl konsènan kantite moun ki te arete, blese oswa mouri pandan entèvansyon an. PNH la fè konnen operasyon yo ap kontinye nan kad efò pou reprann kontwòl zòn ki anba enfliyans gwoup ame yo.
Plis detay sou dosye sa a ap disponib nan èdtan k ap vini yo. 🇭🇹🚔