09/09/2023
Sensèman!
Yow! Nwit 🌃 l'an long kesyon yo kenbe'm kout vid lan ranpli'm kòm pagen kote pou'l kenbe tout yo te di'm vizyon lekòl📓🖋️ leson📖 yo m'kenbe tout.
M'en tèt Mwen lou tèlman'l pagen kote pou'l kenbe dout lè desizyon Pou'm fèt tap pran pèsonn pat evite'm donk poukisa'm ta dwe rekonesan deske'm vivan? anverite gen lòt Moun la a ki gen pi vye vi ke Mwen, m'en sa pa Yon rezon valab Pou'm renmen ke map viv lan, mpagen okenn pasyon anndan'm anyen pa eksite'm pagen anpil regrè apart le fait ke Mwen egziste.
Egzistans Mwen son rad tranpe Yon tann anba laline, mpat jwenn rezon Pou'm renmen vi'm pou sa m'fon jan Pou'm pa rayil reyalite a mazora chak jou map kase dan'm premye fwa m'pran lari m'espere Yon machine pase pran'm yo dim ke vi a pa Yon jwèt, Fòm pran'l O serye mbouke chache m'en sanble pou Mwen la a pagen anyen ki serye.
Lèm gad vi'm m'wè jodi a se tout sam ye anyen nan sam wè la a pa vrèman korespann ak tout sa'm vle se vre Mwen fè efò poum chanje sa'm ka chanje men eske gon lè sa te rive mache, anfèt mpa sonje.
Mpat achte souf m'en chak jou map viv sou degi, andikape emosyonel tout resanti'm yo sou beki.
Lèm eseye goumen ak fènwa limyèm fini sou kad, lè'm jwenn repons ak kèk kesyon se lafwam ki fini sou kwa chak jou Mwen mande tèt Mwen poukisa e Kisa map fè la a?
Si'm deside ale vonlontèman eske sa AP fè lach, eske gon sans, eske gon plan, eske e tout bon Bagay yo konsa oubyen eske son prank?
Men'm Konprann vi an dwe gen ekilib gen istwa ki dwe kadnase Pou lòt ka ekri lib.
M'en sa pa sufi Pou mete kesyonnmanm yo an konfinnman, mpanse pran dwòg men'm pa vle pi renmen mond lap ofri'm nan.
Manman'm di'm si map viv fòm remesye granmèt lan, sensèman si son Dye ki banm vi sa seryezman li mèt pran'l.
Mpakwè nan reziye, ni nan pitosa ke malgresa, si'm pako achte kòd pou kou'm e koz gen Moun sa ka blese.
Alò si'm kenbe pye'm sou tè men'm lè tèt Mwen nan nyaj, men'm lè chak lèm gad reflè'm mgen enpresyon nanm Mwen nan kaj, m'konprann twòp bagay Mwen avwe anpil nan yo depase'm
Si opsyon sa te nan ví an, sa fè kèk tan mtap efase'm.
M'en mvlew Konprann se pa plenyen map plenyen Mwen m'se nèg kap kanpe goumen mènm lè nanm Mwen ap senyen se juske mènm lèm ofon m'toujou santi map tonbe, mènm lèm reyalize rèv Mwen, mpa santi map konble, m'twò andomaje Pou'm ta konn kisa bonè a ye, mesi ak mou'n ki brizem yo, koz se pou yo lonnè a ye,
Mpadone pou'm avanse, sekel yo toujou la, e semityè🏥 a ki chanje fòm, sekèy⚰️ yo toujou la.
By @ Opak!