GARY motivation

GARY motivation Nos belles pensées et nos belles idées positives n'ont pas suffi, il nous faut des actions positives. �

17/05/2024

Bravo Melchie Dumornay, pèp ayisyen fyè de ou🇭🇹🇭🇹🇭🇹👏👏👏👏👏👏

M fou ap chèche moun paske nou di pa gen moun. Se pa moun ki pa gen, se nou ki pa konn moun. Nou tèlman kwè pa gen moun ...
27/03/2024

M fou ap chèche moun paske nou di pa gen moun. Se pa moun ki pa gen, se nou ki pa konn moun. Nou tèlman kwè pa gen moun n'ap di viv gang. Nan eta Ayiti ye la, nou bezwen kèk lidè ki gen gran vizyon, kouraj, karaktè, konpetans, kapasite, santiman patriyotik ak patisipasyon pèp ayisyen pou retire Ayiti nan trou a. Kapasite yon moun pa depann de laj li, sèks li, koulè li ak ideyoloji li. Yon moun gen dwa popilè men li pa gen kapasite pou mennen Ayiti.

Fòk nou sispann kite emosyon mennen nou pou nou fè chwa ki entèlijan. Nou pa dwe chwazi moun pa favè ni pa zanmitay oubyen patizan. Mete tout enterè mesken yon kote pou nou defann enterè kòmen. Eterè komen an se retabli souverènte ak otodetèminasyon nou. Enterè kòmen an se sekirite nasyonal d'Ayiti. Sa vle di, yon peyi ki pwoteje kont envazyon etranje, kont gè sivil, kont diktati, kont katastròf natirèl ak kont kriz ekonomik jeneralize.

Nou pa nan medyokrite ni kòripsyon
Nou di se pa moun ki popilè ki pou dirije
Nou di se moun ki kapab ki pou dirije
Viv meritokrasi! Aba favoritis! Viv Ayiti cheri !

Gary Gaston Prévilus.

Yo tout ap di yon sèl bagay, chanjman pou Ayiti. Aksyon y'ap poze  pa gen ken rapò ak sa y'ap di🤔
27/03/2024

Yo tout ap di yon sèl bagay, chanjman pou Ayiti. Aksyon y'ap poze pa gen ken rapò ak sa y'ap di🤔

Pèp ayisyen dwe konnen se pa seks ak laj ki fè yon moun kalifye pou dirije. Se konpetans, kapasite ak moralite ki dwe fè...
25/03/2024

Pèp ayisyen dwe konnen se pa seks ak laj ki fè yon moun kalifye pou dirije. Se konpetans, kapasite ak moralite ki dwe fè yon moun kalifye pou dirije. Nou dwe konnen se ak lespri yo dirije. Mwen panse lè rive pou nou bay medam yo yon chans. Mesye yo fin kraze peyi a.Viv Ayiti cheri!!!

25/03/2024

Pou Ayiti devlope, fòk nou sispann goumen pou enterè mesken. Fòk chak grenn ayisyen asèpte goumen pou enterè kòmen. Nou bezwen ayisyen ki gen santiman patriyotik ak lespri sivik pou travay nan solidarite fratènèl san ipokrizi, san yonn pa trèt lòt pou dezòmè yon lòt revolisyon ayisyèn, yon lòt Ayiti devlope pou bonè chak grenn ayisyen. Viv Ayiti cheri 🇭🇹🇭🇹🇭🇹

Men tout detay sou 9 moun yo ki konpoze konsèy prezidansyèl la. Ou gen mo paw🤣🤣🤣
24/03/2024

Men tout detay sou 9 moun yo ki konpoze konsèy prezidansyèl la. Ou gen mo paw🤣🤣🤣

Mwen pa konnen pou ou, pou mwen, la près fè plis mal ke bien an Ayiti. Kite yon kòmantè silvouplè🙏
21/03/2024

Mwen pa konnen pou ou, pou mwen, la près fè plis mal ke bien an Ayiti. Kite yon kòmantè silvouplè🙏

Silvouplè fè yon chwa ki prouve ou renmen Ayiti, ou entèlijan. Fanatik pa ladanl. Kiyès nan yo ki gen Kouraj, karaktè ak...
19/03/2024

Silvouplè fè yon chwa ki prouve ou renmen Ayiti, ou entèlijan. Fanatik pa ladanl. Kiyès nan yo ki gen Kouraj, karaktè ak onètete pou mete lòd nan peyi a. Abone ak paj la🙏🙏

15/03/2024

La force de l'ordre du monde💪🇺🇲💪

15/03/2024

3ème gè mondial ap fè nou menas
Emmanuel Macron mete tout moun klè.

03/03/2024

Kisa nou fè nap peye? Jiskilè nap lib? Jiskilè yap sispann eksplwate nou? Jiskilè yap asèpte nou se moun kon tout moun? Jiskilè yap asèpte nou dwe viv tankou moun? Jiskilè yap asèpte Ayiti se pou ayisyen? Jiskilè yap sispann divize pèp ayisyen?Jiskilè yap sispann fè ayisyen touye ayisyen? Jiskilè yap sispann fè nou kouri kite peyi a? Jiskilè? Jiskilè? De tout fason, lavi ou lanmò, fòk gen yon lòt revolisyon ayisyèn pou chanbade sistèm politik tradisyonèl restavèk kòwonpi sa pou yon lòt Ayiti. Viv otodetèminasyon ayisyèn! Viv souverènte ayisyèn! Viv Ayiti pou ayisyen!

Dirección

José Joaquin Pérez 7372
Santiago

Teléfono

+56920983278

Página web

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando GARY motivation publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Contato La Empresa

Enviar un mensaje a GARY motivation:

Compartir