Enfo migran

Enfo migran Información de contacto, mapa y direcciones, formulario de contacto, horario de apertura, servicios, puntuaciones, fotos, videos y anuncios de Enfo migran, Medio de comunicación/noticias, Santiago.

Byenvini-Bienvenido(a). 🧸🌎
Estas en el lugar correcto; una comunidad, una fórmula; atención personalizada,una guía e información de primera mano. !Tu eres el/la protagonista!

Nouvo pwogram Jeanette Jara a gen 383 paj e ladan li, li mete aksan sou de tèm enpòtan. Salè vital de 750.000 pesos(salè...
08/10/2025

Nouvo pwogram Jeanette Jara a gen 383 paj e ladan li, li mete aksan sou de tèm enpòtan.
Salè vital de 750.000 pesos(salè ideyal o nesesè pou kouvri bezwen bazik yon moun) epi legalize avòtman.

Salè vital pa menm ak salè minimòm.

🤷🏾‍♂️👂🏽
08/10/2025

🤷🏾‍♂️👂🏽

Prezidan Gabriel Boric anonse jodi mèkredi a ke li ap pwopoze yon refòm konstitisyonèl ki ap pèmèt militè yo rete sou fw...
08/10/2025

Prezidan Gabriel Boric anonse jodi mèkredi a ke li ap pwopoze yon refòm konstitisyonèl ki ap pèmèt militè yo rete sou fwontyè a san nesesite renouvle prezans yo chak twa mwa.

Militè yo ap gen devwa pou kontwole idantite ak arete tout moun yo bare ki ap rantre nan peyi a, kote yo pa dwe pase.

Mezi sa a nan fen manda premye sitwayen peyi Chili a, fè mwen sonje defen prezidan Sebastián Piñera, nan yon epòk similè li apwouve lwa “maryaj igwalitè” ke li pat twò danse kole ak ide sa a, epi PGU ke Provoste te pwopoze nan kanpay li. 🤷🏾‍♂️🙄

Yo apèn arete yon sitwayen ki te konn pwofite de vilnerabilite medam yo, pou swadizan ofri yo travay e lè yo rive sa esp...
08/10/2025

Yo apèn arete yon sitwayen ki te konn pwofite de vilnerabilite medam yo, pou swadizan ofri yo travay e lè yo rive sa espas kote entèvyou a ta dwe dewoule a sitwayen an fè medam yo apwòch seksyèl. Selon enfòmasyon ki pa konfime yon konn itilize dwòg pou atoudi medam yo.

Ki relasyon sa gen ak kominote nou an?:

1- Gen ayisyen ki fè pati de asosiyasyon kriminèl sa yo, e wòl yo se atire medam nou yo vè malveyan sa yo.

A-Swa pou ede yo vyole yo.
B- Swa pou vòlè lajan yo.
Anpil fwa yo ka di w, ou bon nan travay la men Ou dwe peye lajan inifòm, e anpil lòt zak malonèt.

Pratik sa a kòmanse depi an 2017 e Jiskaprezan li egziste.

Se vre Jiskaprezan, jwenn travay sou rekòmandasyon toujou rete yon opsyon pou nou, men gen kanal ofisyèl nou ka itilize, tankou:

- BNE
- Laborum
- Trabajando.com
- e anpil lòt.

07/10/2025

Mr Mosly Librun(Teolojyen ak ak sosyolog) envite nou nan deba sosyopolitik ki ap fèt jou ki ap 9 novanm lan e jou ki ap 16 novanm.

Tout moun envite, pou swiv gwo deba Voz Migrante Chile Caleb Dera Paul RADIO TÉLÉ MISSO Hora Migrante Enfo migran Louisjuste Paraison Dort John Junior Talento haitiano JC FOTO T-Zen Haïti

“Vote ak konsyans, vote enfòme, vote lapè”🫵🏽

07/10/2025
06/10/2025
✨ Kou Dekorasyon Entansif✨📅 Dat: 06 desanm   (si Bondye vle)🕗 Orè: 08:00 – 20:00( 12 zè de tan)📍Adrès: Hotel los Nogales...
06/10/2025

✨ Kou Dekorasyon Entansif✨

📅 Dat: 06 desanm (si Bondye vle)
🕗 Orè: 08:00 – 20:00( 12 zè de tan)
📍Adrès: Hotel los Nogales
Los Nogales 741, Providencia
🥐 Enkli: Dejene, kolasyon.
📚 Materyèl: Tout materyèl nesesè ap disponib pandan kou a

💵 Pri total: 120.000 peso
🔒 Rezèvasyon: 40.000 peso jiska 5 Oktòb
📌 Rès la: 80.000 peso yo peye yon jou avan kou a (opsyon pou peye an cuota jiskaske Jou a rive)
💡 Si w pa ka vini, kòb rezèvasyon an ka itilize pou yon pwochen kou.

🎉 Pwomosyon: Valab sèlman jiska 15 Oktòb!

👗 Konsèy pou patisipan yo:

Vini ak zong kout

Mete rad ak tenis ou santi w alèz

Prepare w pou yon jounen plen aprantisaj

🎓 Benefis:

Staff ap disponib pou ede pandan kou a

Tanpri poze kesyon si w pa konprann yon bagay

Sètifika ap bay apre kou a

M ap toujou disponib pou akonpaye w apre kou a

📲 Pa rate plas ou! Sèlman 10 plas disponib.

05/10/2025

Monopòl ak Oligopòl se obstak pou devlopman ekonomi an |

05/10/2025

Lagè avèti pa touye kokobe! 🤐

04/10/2025
04/10/2025

Kandida prezidansyèl la Jeanette Jara pwomèt regilarize tout imigran ki vini travay. Y

Dirección

Santiago

Teléfono

+56999999999

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Enfo migran publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Compartir