Atache Media

Atache Media Nou se Yon media de kominikasyon, Nou la Pou fè pase tout nouvèl ki konsène kominote ayisyèn nan atravè rezo sosyo🇭🇹🇭🇹🇭🇹.

Black la ak nouvo bb a, pa dekouraje nan lavi chak pen gen fromaj yo...
13/08/2026

Black la ak nouvo bb a, pa dekouraje nan lavi chak pen gen fromaj yo...

FRG a etabli premye gwo prezans operasyonèl li andeyò Pòtoprens, avèk fòs Sri Lanka ki deplwaye kounye a nan Latibonit.P...
13/08/2026

FRG a etabli premye gwo prezans operasyonèl li andeyò Pòtoprens, avèk fòs Sri Lanka ki deplwaye kounye a nan Latibonit.

Pandan gwoup ame yo kontinye elaji prezans yo andeyò kapital la, FRG ap elaji kapasite operasyonèl li tou pou rive nan zòn ki plis bezwen sipò. Deplwaman sa a make yon etap enpòtan nan ekspansyon pwogresif misyon an, ki ap benefisye ogmantasyon kantite pèsonèl ki disponib pou fòs FRG al

Aprè Yon tatou konsa eske nou panse youn ka twonpe lòt?
13/08/2026

Aprè Yon tatou konsa eske nou panse youn ka twonpe lòt?

Moustapha Gérôme, alyas « Mous Kèm Pwòp », yon pèsonalite ki popilè sou TikTok ki te antre Ozetazini atravè Pwogram Bide...
12/08/2026

Moustapha Gérôme, alyas « Mous Kèm Pwòp », yon pèsonalite ki popilè sou TikTok ki te antre Ozetazini atravè Pwogram Biden nan epi li te retounen an Ayiti, jwenn arestasyon li jodi madi 11 out 2026 la nan Fond-Prince, Depatman Sidès. Otorite yo akizel de kadejak (vyòl) ak menas.

Daprè temwayaj viktim nan, li te antre lakay Moustapha Gérôme jou ki te 3 out 2026 la pou lal vann li machandiz. Se nan moman sa Moustapha ta fèmen pòt sou li, kenbel kont volontel epi agresel seksyèlman. Viktim nan fè konnen Moustapha te menasel pou anpechel rele mande sekou.

Apre zak la, viktim nan te depoze yon plent nan Biwo VBG la, ki te kòmanse mennen ankèt sou dosye a. Ankèt sa pèmèt ajan yo lokalize epi arete Moustapha Gérôme 8 jou apre zak la. Sepandan, li rete prezime inosan toutotan lajistis poko pwouve li koupab.

12/08/2026

Ala nèg yo sanwont se nèg tiktokè SA yo... Nèg yo derefize travay

   Nouvel sa ap Byn tonbe wi paske we machin se nan lari a yo pake yo.Konnyea Konbyn moun pral peye parking pa jou??Anto...
12/08/2026

Nouvel sa ap Byn tonbe wi paske we machin se nan lari a yo pake yo.

Konnyea Konbyn moun pral peye parking pa jou??
Antouka se developman nou bezwen

🔴 Daprè jounalis Valéry Numa, yon gwoup envestisè chinwa pwopoze pou yo konstwi yon gwo pakin modèn Peyan nan vil Kap Ayisyen pou ede diminye anbouteyaj ak dezòd machin ki estasyone nan lari ak sou twotwa yo.

Daprè eksplikasyon Valéry Numa bay, Envestisè Chinwa yo vle reyalize pwoje a san Meri Okap pap bezwen depanse yon goud nan fon pa li pou konstriksyon pakin modèn nan ki estime a anviwon 10 milyon dola ameriken. Sèl sa chinwa yo ta mande meri a, se mete yon teren minisipal disponib pou konstwiksyon an. Teren sa ap toujou rete pwopriyete komin Okap.

Anplis pakin nan, envestisè yo ta vle konstwi yon lòt enfrastrikti nan menm espas la pou yo kapab devlope ak jere lòt aktivite komèsyal. Sepandan, se sèlman revni ki soti nan operasyon pakin nan yap pataje ak Meri Okap la. Revni lòt aktivite komèsyal yo ap rete pou envestisè yo. Gen anpil lòt detay nan kontra sa Chinwa yo pwopoze a.

Valéry Numa fè konnen yo deja egzamine plizyè espas ki kapab resevwa enfrastrikti a. Li prevwa tou rankontre ak majistra Michel Saint-Croix pou diskite sou pwojè a paske katèl Majistra ki te la avan te bezwen lajan sou kote pou pwojè a kapab reyalize.

Yon sòlda nan lame dominiken 🇩🇴 fè foto SA mete rezo sosyal yo nan lide Pou montre kalite gwo zam yo genyen lakay yo...
12/08/2026

Yon sòlda nan lame dominiken 🇩🇴 fè foto SA mete rezo sosyal yo nan lide Pou montre kalite gwo zam yo genyen lakay yo...

Nèg tiktokè yo soti Pou yo manje DJ k9  akoz Li voye yo travay
11/08/2026

Nèg tiktokè yo soti Pou yo manje DJ k9 akoz Li voye yo travay

Nèg ki t'ap mande lanmò Pou jovenel moïse avèk opozisyon André Michel la, gade SA Li tounen Yon wistiti...
11/08/2026

Nèg ki t'ap mande lanmò Pou jovenel moïse avèk opozisyon André Michel la, gade SA Li tounen Yon wistiti...

10/08/2026

Men kòman SA te ye pandan pasaj tranbleman tè a nan peyi colombie 🇨🇴🇨🇴🇨🇴

Dirección

Santiago

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Atache Media publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Atajos

Compartir