20/07/2025
Update
Men tout istwa ki mennen a lanmò Meyer, chèf gang kokorat san ras la
Aprè atak kokorat san ras fin fè sou komin Machan Desalin nan kote yo pat jwenn okenn rezistans, yo tèlman santi yo puisan, yo di pa dwe gen okenn fòs anfas yo.
Depi vandredi swa, nan 8è, kokorat san ras monte yon kou pou pote boure sou baz Kapenyen an, ki se yonn nan gwoup otodefans kap goumen anfas yo.
Yo aranje yo, yo monte 2 gwoup, yonn pou atake komisarya Lestè, yon lòt pou ki atake otodefans Kapenyen.
Pou Meyer mete plan l lan a legzekisyon, misye kreye yon divèsyon, li pwofite de yon emisyon ki gen anpil ekout sou Latibonit pou rele, se pat yon planifikasyon ak radyo a non, baz kokorat san ras konnen tout gwo emisyon ki fèt sou Latibonit yo, yo gen nimewo tout radyo
Byen bonè nan maten, la nou samdi 19 jiyè, Meyer voye premye gwoup la atake komisarya Lestè a pandan yon lòt gwoup al tann abiskad pou mesye Kapenyen yo, lè otodefans Kapenyen tande komisarya Lestè a atake, yo kouri pou pote ranfò, se la 7 nèg Kapenyen pral mouri aou plas, rapid vit, nèg yo repliye pou evite plis viktim nan kan yo, nan retounen yo, yo fè 3 mò pou kokorat san ras.
Malgre sa kokorat san ras antre Kapenyen, yo repouse tout nèg yo epi pran kontwòl espas la
Meyer tèlman an konfyans pandan nèg li yo ap pwogrese sou Kapenyen, li rale telefòn li pou fè video, se konsa Wilguens ki se chèf otodefans Kapenyen an ki te kache nan yon kwen, bay Meyer 2 bal ki mouri sou plas.
Nan minit nap pale a, gen gwo diskisyon ant Bendjy ak 3ème chèf la pou ranplase Meyer.
Yon dosye nap suiv anba linèt oktogonal nou…
Abone ak paj la credit WilguensradioA!