24/11/2025
JISTIS / NÒDÈS / AYITI : Dwayen a.i Tribinal Premyè Enstans Fòlibète-a Rejte demand Habéas Corpus avoka pastè Moïse JOSEPH te fè-a.
Dwayen a.i Tribinal Premyè Enstans Fòlibète-a mèt Louiçius BRENORD nan yon òdonans li rann vandredi 21 Novanm 2025 la, li voye jete demand men leve Avoka Pastè Joseph MOÏSE te fè nan kad rekou an HABEAS CORPUS yo te fè devan li jedi 20 novanm 2025 lan, daprè yon sous nou ka fè konfyans se depi aprè 24 trè aprè odyans lan Dwayen-an rann desizyon li.
Doyen BRENORD ta pran desizyon sila parapò avanse jij Jean Dudré Desravines ki tap enstri dosye-a te gentan fè paske li te prèske fin tande tout moun li tap gen yen pou tande nan ankèt li tap men nen sou dosye asasina mèt Albert JOSEPH la. Konya pastè Moïse JOSEPH dwe tann Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè-a (CSPJ) nome nouvo jij nan T.P.I Fòlibète-a pou kontinye esntri dosye-a aprè pou rann òdonans li.
N.B : Jij Jean Dudré Desravines se sèl grenn jij ki gen yen nan T.P.I Fòlibète-a, e se li menm ki tap enstri dosye pastè Moïse JOSEPH la, li depòtel nan dosye-a.
Rezo Nòdès News