Djokannèl News #1

Djokannèl News #1 Depi se espò nou la.

Abòne avèk nou stp nou la pou nou enfòme ou sa ki ap fèt nan espò lakay nou sitou seleksyon nasyonal la, e nou la pou nou pote enfòmasyon lòt bò dlo pou ou tou.

27/08/2026
27/08/2026

📝🇭🇹 Lucius Don Deedson🇭🇹🇭🇹🇭🇹

Kite MLS pou ale nan 2èm divizyon nan peyi la France.

Daprè nou èske se yon bon chwa grenadye a fè?

27/08/2026

📝🇭🇹 Jwaye anivèsè Wilson Isidor

27/08/2026

📝🇭🇹 ofisyèl

Woodensky Pierre kite ekip pou VAC la pou li rejwenn klèb kanadyen an Forge Fc.

27/08/2026

📝🇭🇹 Fafa Picault🇭🇹🇭🇹🇭🇹

Dènye fwa Fafa jwe yon match pou seleksyon nasyonal la se te nan premye jounen dènye faz eliminatwa koup dimond ki sot òganize la, yon match ki te jwe 5 septanm 2025 kote Ayiti te fè match nil 0 - 0 avèk Onndiras.

Lè sa grenadye a ta pral kite tèren an nan 80 minit akoz li te blese Migné te oblije mete Yassin Fortuné nan plas li.

Mwen panse Fafa picault dwe prezan pou match yo Ayiti gen pou li jwe nan Ligue des Nations an.





26/08/2026

📝🇭🇹 Barcelone vs Athletic Club

500 goud💸💸 minit pou 2 premye moun yo ki bay eskò a epi avèk non yon jwè ki ap make gòl nan match la.



26/08/2026

🇲🇫🇭🇹 Bernado Silva🇵🇹🇵🇹🇵🇹

Real Madrid genlè pral domine Ewòp la ankò, mwen panse yo resi jwenn yon jwè ki vin ranplase Luka avèk Tony.

Mayestwo Bernado Silva🔥




23/08/2026

📝🇭🇹 Premye mitan fini

Ayiti🇭🇹 1 - 0 Jamayik🇯🇲

Seleksyon ayisyèn nan jwe yon bèl premye pati e yo te kapab make plis gòl si se pat maladwa jwè yo.





22/08/2026

📝🇭🇹 David Badiá Cequier

Nou pap kritike antrenè men mwen te ap atann a yon coach ki genyen plis eksperyans, david Badiá fè plis tan kòm antrenè adjwen e se pa nan gwo klèb.

Kòm antrenè prensil genyen kèk done ki bay ke Badiá patisipe nan 90 match sèlman e genyen sa ki di se 66 match li dirije, sèl sa nou ka konfime pou ou li pèdi plis match ke sa li genyen.

Èske nou satisfè de chwa dirijan fhf yo?

16/08/2026

📝🇭🇹 Mariano Diaz🇩🇴 x Duckens Nazon🇭🇹

Anpil djokannèl ta renmen asiste yon fas a fas antre 2 lejand sa yo, malgre seleksyon ayisyèn nan pral genyen pou li afwonte ekip dominikèn nan men Ducken Nazon ka absan akoz ke nou konnen li pa gen klèb nan moman.

Espere ke grenadye a va gentan jwenn yon ekip avan mache transfè a fèmen.




Dirección

République Dominicaine
Gaspar Hernández
56000

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Djokannèl News #1 publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Atajos

Compartir