11/06/2026
Breaking News🔴 Pandan FIFA mete entèdiksyon strik sou ti twonpèt (vuvuzela) nan tout Stad pou Koup di Mond 2026 la, ebyen fenomèn ti twonpèt la sanble ap pran yon lòt dimansyon an Ayiti.
Son ti twonpèt yo anvayi plizyè katye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, sitou nan Petyonvil. Lajounen kou nan nwit fanatik yo rasanble nan lari, nan lakou ak sou plas piblik yo, se “vrrrroooom, vrrrroooom, vrrrroooom…”.
Pandan FIFA wè ti twonpèt la kòm yon sous dezòd ki pa gen plas li nan stad modèn yo, anpil Ayisyen wèl kòm yon senbòl anbyans, selebrasyon ak motivasyon pou mondyal la.
❗️Mesaj Pou Fanatik Ti Twonpèt Yo. Pwofite anbyans Mondyal la epi kontinye sipòte Grenadye yo ak tout pasyon nou. Men sonje respekte vwazen nou yo ak moun ki bò kote nou. Ti twonpèt la se lajwa, se selebrasyon, se yon pati nan kilti fanatik yo. Viv Ayiti! Viv Grenadye yo! Promo hit lakay