
27/01/2023
Mwen rele mwen marye avèk , nou konnen anpil bon moman ak move moman.Depi sou 2 zan mwen te kòmanse ap resevwa imilyasyon anba bouch paran'l paske yo Pat vle'm pou li paske yo te jije fanmi'm pòv nou pat gen mwayen , mwen 4èm pitit fi manman'm , papa'm mouri depi lè'm te 12 zan se manman'm ki gason se li ki papa , manman'm se te madan Sara li te toujou fè efò pou voye nou lekòl malgré tout lajounen moun ap derespekte'l pou lajan manje li te konn dwe paske li Pat janm vle kite nou grangou a koz lè'l pa vann se kredi li al achte kay madan Jannòl pou touye vè nan vant nou men sa Pat anpeche nou tout fè Filo e rantre nan Inivèsite leta menm te toujou ap di Bondye pa banm anpil pitit pou janm te konn wè manman'm ap pase mizè avèk nou, aprè 6 zan maryaj mwen poko janm ka gen you pitit nou mache kay Doktè tankou kay Ougan anyen pa janm mache alòske Doktè wè'm pa gen okenn pwoblèm e mari'm nòmal, you jou mwen deside di mari'm fòk li fè you timoun deyò oswa adopte you'n li te di'm non li pa pral nan lòt fi deyò pou'l pa pran maladi pote ban mwen nan kay la Bondye ap ban nou you pitit kanmè'm, chak mwa depi dat règ mwen pase li poko vin m'kontan m'panse'm ansent e kou'l vini dlo kouri nan je'm , you lè mwen mete ajenou 'm priye m'di Bondye èske se paske'm te di'l pa banm anpil pitit ki fè'l pa vle banm di tou'a mwen kriye m'fè plis ke 1h de tan ap kriye devan kabann nan ajenou 8 an vin pase anyen pa janm mache , aprè 9 van mwen resi ansent aprè 3 mwa san deklare sou mwen lè'm al kay doktè yo di'm mwen an pèdisyon timoun nan fonn Mwen tèlman rele anmwe doktè 'a te kite'm nan chanm nan li sòti, mari'm pran'm li ale avèk mwen li di'm nou pral Cuba , nou vwayaje al kay Doktè Cuba lè nou rive nou you'n pa gen anyen yo wè nou nòmal, nou retounen Ayiti 13 zan pase anyen pa janm mache nou fè bagay tankou poul m'pa janm ka ansent ankò, you maten pandan mari'm leve li al travay mwen kouche nan chanm you ti dòmi pote'm ale mwen reve'm ki ansent ki pral legliz kap temway