18/07/2025
Natasha David (41 an), ansanm ak pitit fi li, Nayka Saint Fleur (24 an) moun Port-de-paix ki tap viv Bahamas 🇧🇸 pèdi lavi yo samdi kite ,12 July 2025 LAN bonè
nan yon aksidan machin ki te trè vyolan nan zòn Baillou Hill Road ak Kim’s Crescent, nan Nassau.
🕊️ Yon twazyèm moun ki te nan machin nan, yon gason 33 an, mouri madi apre li te fè plizyè jou lopital.
Yon lòt pasaje te blese epi yo te lage li apre li te fin resevwa swen.
Fanmi an bezwen sipò
Fanmi an poko gen mwayen pou fè antèman manman ak pitit fi a. Yo ap chèche èd pou kapab bay yo yon dènye omaj ki ak onè.
Jouk jodi a, antèman an poko fèt, paske yo poko ka peye tout frè yo.
Credit Haitian Media In Diaspora