07/07/2025
Mès requiem pou Prezidan Jovenel Moïse
Pòtoprens, 7 jiyè 2025, Yon mès rekwiem te selebre lendi 7 jiyè 2025 nan Palè Nasyonal an memwa Son Ekselans Mesye Jovenel Moïse, Prezidan Repiblik Ayiti, ki te asasinen nan lanwit 6 pou rive 7 jiyè 2021.
Mès sa a te dewoule nan yon anbyans ranpli ak medite, respè ak gwo emosyon. Li te fèt an prezans Konsèy Prezidansyèl Transisyon an (KPT), Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, plizyè manm gouvènman an, reprezantan enstitisyon Leta yo, ansanm ak envite ki soti nan plizyè sektè.
Kat ane apre zak krim sa a ki te souke nasyon an, Ayiti kontinye onore memwa Prezidan Jovenel Moïse epi reafime angajman li pou valè demokrasi ak repibliken yo.
Se te yon okazyon pou pèp ayisyen an, atravè otorite li yo, montre ke malgre doulè a, yo pa bliye e yo kontinye chèche limyè ak jistis pou sa ki te pase