Jesi-Ca Reine Consciente

Jesi-Ca Reine Consciente Motivation,comedie etc...

Yesss 💪🏻🥰👌
09/01/2026

Yesss 💪🏻🥰👌

Ou konn ap mete rad nan tiwa oubyen malèt….. ou pran rad yo san rekase yo ou jus rantre yo nan tiwa ansanm.Kwèm kantite ...
09/01/2026

Ou konn ap mete rad nan tiwa oubyen malèt….. ou pran rad yo san rekase yo ou jus rantre yo nan tiwa ansanm.
Kwèm kantite rad pou sepas la ta pran ,li pap ka pran yo.
Men lèw pran tan ou byen rekase rad yo,ou byen ranje yo,ou vin gen plus espas e rad yo pi byen respire e gen pi bon fòm.
Ebyen se menm jan ak viw !
Lèw pa mete disiplin nan viw,viw pase mal,viw tounen chifonnen.
Lèw pa pran tan pouw travay sou tèt ou,pouw swanye viw,li difisil pouw atire bon bagay sou wout ou e bon moun.
Wap toujou atire malè,moun lavi yo chifonnen,moun mechan etc….
Lèw pa pran tan pouw mete disiplin nan viw,li difisil pouw pran bon desizyon kap pote fruit.
Li difisil pouw fè pwogrè nan sa wap antreprann.
Lèw pa pran tan pouw rekase laviw byen,ebyen lavi chifonnenw,endisiplin fini ak viw.
Ke Bondye ouvri lespriw pouw pran konsyans pouw mete disiplin nan viw pouw vanse.
Kew bay Bondye’w la aksè poul transfome viw .
Ke bon konprann lokalize laviw ane sa e pou tout rès tan ou gen pouw pase sou tè sa.
Kew konn gou reyisit gras ak chanjman ou pral fè nan viw.
Kew pami moun sosyete a ka benefisye de bon bagay lakay ou.
Kew pami gran yo ka fè konfyans yo.
Paix
Amour
Gratitude
Sagesse ……
Jesi-Ca!

Se pa vant mwen ki gwo sèlman 🤣😂
09/01/2026

Se pa vant mwen ki gwo sèlman 🤣😂

Map gade anba pòs madanm mw,valè gason kap leve zig yo sou fanm se tèrib. Mwen gen yon pitit fi jou yn fatra leve main sou li,se sou dènye moun lap fè sa. Si paran nou pat leve nou byen,ebyen gen moun ki la pou korije nou e menm voye nou anba tè.
Yon bann sanzave pa wont pou ap justifye rezon yo bat fanm.
Genyen ki menm pale de lajan.
Se mòd ranyon sal sa yo ki fè yap pale gason ayisyen mal.
Mwen pa konn kòman fanm fè akouche vye chyen sa yo.
Manman nou te dwe peze kou nou lèl tap fè nou.
Nou bay depi.
Aprè sa kou nou nan peyi ki pwoteje dwa fanm,yo fouke nou,yo fini ak vi nou,wap tande se fanm ki detwi nou.
Mwen mpoko janm leve zagom sou yon fanm,ni di fanm vye pawòl ki sot anba bouch mwen.
Paske mwen pat jwenn papam ap trete manmanm mal.
Epi manmanm te aprann mwen respekte fanm.
Lè map li kòmantè nou mwen wont kòm gason epi mwen pè.
Nou danjere mesye,nou sadik,nou malad.
Sosyete ayisyèn nan merite refòme .
Twòp moun malad,twòp pervers,twòp kriminèl nan sosyete sa.
Nou poko fin moun.

09/01/2026
09/01/2026

Fèt pase ou pat koze avèm,se en Janvye ou gen foli koze. Avare 😏…..

Poum ap fè 50/50 ak gason epi pouw pa pouse pitit banm.Pouw pa bay pitit tete.Pouw pa ouvri pyew pouse pitit banm.Pouw p...
09/01/2026

Poum ap fè 50/50 ak gason epi pouw pa pouse pitit banm.
Pouw pa bay pitit tete.
Pouw pa ouvri pyew pouse pitit banm.
Pouw pa lave,pase,fè manje,netwaye kay,fè mache,ranje kay,dekore kay.
Konseye timoun banm.
Epi depi’m fin fè 50/50 pam nan,ou malad ou paka fè paw la,map vire dom kitew pouw degajew.
Angajman se angajman.
Depi’m fin fè pati pam nan ,anyen pa regadem ankò.

Mèsi Bondye mwen poko tonbe sou espès rar ki pa menm ka util tèt yo,kap mande fanm 50/50.

08/01/2026

Pran swen tèt ou

08/01/2026

Pran swen tèt ou

08/01/2026

Timoun 2000 mesye yo pa vle wè,paske yo pè li kou chat .🤣😅😂😆😆😆😆😆
08/01/2026

Timoun 2000 mesye yo pa vle wè,paske yo pè li kou chat .🤣😅😂😆😆😆😆😆

08/01/2026

Mwen kouche map reflechi !
Map panse ak jan viv ansanm gen chaj mantal tèrib.
Kòman yon fanm fè viv ak yn nèg enfidelite epi ki pòv met sou li.
Mw rezume mw di fanm pa renmen tèt yo,fanm renmen soufrans.
Fanm se dyab…..
Fè pitit sèlman bouziye kò ak sante fanm,grandi timoun se yon lòt stress,epi pouw gen yon voryen ki pap supòtew,ki pa konprann anyen,ke pote degouden li bafle degouden an.
Wap depanse enèji nan pran swen kay,wap depanse lajanw.
Wap pran stress travay,stress nan kay,stress matlòt ki pafwa konn rann viw an danje.
Kidonk se vi sa fanm ap tuye tèt li pou li a.
Yon vie de me€de……
O mwen siw ak yon nèg riche ki jenere ou ka pa gen twòp chaj mantal.
Oubyen siw gen yon mari ki konprann,ki edew nan tout bagay,epi ki fidèl ou ka di ou pa gen chaj mantal.
Men pou nou gen kè foure kò nou anba nèg pòv,voryen,enfidèl vre….
Non fanm se dyab…..
Epi sak tuyew la yap ankouraje lòt fanm antre nan matyè yap benyen an.
Siw pa antre nan chema salte yo a,yo met nan tèt yo pi bon pasew.
Yap benyen nan povrete,nan tristès,nan yon brasaj enèji sal,nan vye maladi,yo fyè…..
Mwen met chapo devan nou menm fanm.

Dirección

Santo Domingo

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Jesi-Ca Reine Consciente publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Contacto La Empresa

Enviar un mensaje a Jesi-Ca Reine Consciente:

Compartir