Savoirs Mystiques

Savoirs Mystiques Información de contacto, mapa y direcciones, formulario de contacto, horario de apertura, servicios, puntuaciones, fotos, videos y anuncios de Savoirs Mystiques, Creador digital, Autopista las americas, Santo Domingo.

15/08/2025

Li rele Dutty Boukman , yon vodouwizan ki jwe yon wòl esansyèl nan revolisyon ayisyen an . Li fèt Sénégambie, ke yo rele kounya Senegal 🇸🇳 ak Gambie 🇬🇲 . Li vinn esklav nan peyi Jamaïque 🇯🇲 , an apre yo voyel Ayiti kotel tounen yon “chèf ougan”.

Alòs fòk nou konnen ke Boukman te yon esklav nwa , men li te jwe wòl “kòmandè” , sa vle di wòl li se te pini esklav parey li ki pat ka travay , ki te malad , ki te konn ap fè parese . Se wòl sa blan kolon te bal jwe .

Men Apre preske 300 lane kote nwa yo tap bourike toujou , yo te kòmanse bouke , e Boukman se younn nan revolisyonè ki pral kale je esklav nwa yo . E nan lanwit 14 Dawout 1791 , nan Bois- Caïman , anndan abitasyon “LeNorman de Mezy” ki nan seksyon riral Mòn Wouj , ki te pwòch vil Okap , Boukman te òganize yon SEREMONI VODOU.

Nan seremoni sa , yo esplike ke te gen anpil lapli ,lowaj tap gwonde, epi gen yon Manbo yo te rele Cécile Fatiman, lè lwa pranl , li fouwe yon kouto nan gòj yon kochon epi vide san l bay tout esklav nwa ki te la yo , li te di yo ke san kochon sa ap pwoteje yo lè yo pral gen pou batay . Kidonk, seremoni sa te reprezante yon mouvman de “prise de conscience “ .

8 jou apre Seremoni sa , chèn eklate nan kèk abitasyon nan Nò, Esklav sa yo ak manchèt, pikwa, te touye preske 2000 blan kolon , yo te boule Chan kann , Chan kafe, men anpil esklav te pèdi lavi yo tou 🥲 . Touswit apre , Boukman ak kèk lòt nwa te al defann parèy yo Fond Bleu , malerezman blan kolon te arive pran lavil. Yo menm esplike ke paske Boukman te yon ougan yo pat pansel te ka mouri , Kidonk pou pwouve ke yo touye l vre , yo te koupe tèt li epi ekspozel sou yon plas piblik Okap kote yo te ekri “TÊTE DE BOUKMAN , CHEF DES RÉVOLTÉS” .

BOUKMAN rete yon figi egzanplè nan revolisyon aryè aryè paran nou pou nou kote nou ye jodia : LIB ✊🏽🇭🇹

Se poutèt sa dat 14 DAWOUT la rete yon jou memorab pou nou menm ayisyen .

Source : https://youtu.be/5MlldlcCrD8?si=n45R24uXCoHinpMs

Dirección

Autopista Las Americas
Santo Domingo
11803

Página web

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Savoirs Mystiques publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Compartir

Categoría