30/04/2026
6 ATITID KI KA RANFÒSE LANMOU W POU TÈT OU:
1) EKSPRIME SA W SANTI.
Pa kenbe emosyon anndan w, toujou di lè w kontan, lè fache, lè w tris, paske akimilasyon emosyon ka efekte w fizikman ak emosyonèlman. Eksprime sa w santi se yon fason pou rete onèt ak pwòp tèt ou!
3) PA KONPARE TÈT OU AK PÈSON
(ni fizikman ni reyalite sosyo ekonomik ou)
Pran konsyans de kiyès ou ye, aprann konnen w epi renmen w pandan w ap travay pou amelyore tèt ou san w pa santi w nan konpetisyon ak pèsonn. Ou se yon pyès inik!
3) PADONE TÈT OU EPI PADONE LÒT MOUN
Pou libere w de chaj emosyonèl, pou aprann de erè w yo epi grandi ou bezwen padone tèt ou men tou padone moun ki fè w mal. Ou ka padone yo an silans epi kenbe yo lwen w, sa ki enpòtan se pa kenbe yo nan kè w, pou ka santi w lejè e jwenn plas pou renmen.
4) TRETE TÈT OU BYEN
(pa fè anyen w ap fè pou tèt ou ak neglijans). Bay tèt ou lanmou, atansyon, pran swen w, kòmanse fè pou tèt ou tout sa w swete moun fè pou ou, sa ap ede w devlope pi bon relasyon ak pwòp tèt pa w.
5) METE LIMIT
Li enpòtan pou mete limit pou pwoteje tèt ou epi fè moun respekte w. Pa kite moun ni di w, ni fè w nenpòt bagay sou ankenn fòm nan ankenn pretèks.
6) REKONÈT EPI SELEBRE CHAK TI REYISIT OU
Se yon bon fason pou valerize jefò w, epi admire tèt ou pou kouraj ou. Li enpòtan pou selebre akonplisman w, paske anpil fwa nou egzijan ak tèt nou, nou mande tèt nou anpil sa ki konn lakoz nou gen anpil kilpabilite lè nou pa kive atenn objektif nou fikse nou yo. Nou konn gen tandans blame tèt nou plis pa sa n pa rive fè olye nou selebre chak ti jefò n.