30/07/2022
Gen 3 dosye tè k'ap jere nan tribunal la nan moman saa,mesye jij yo pa aplike la lwa menm non.
Gwo lajan bay
Mesye nou mechan
Gen youn nan dosye yo ki egzajere nèg e anverite Izo BBQ Tilapli Krisla lanmò 100 jou t'ap fè yon pi bon jijman
Yon fanmi gen yon tè,yon lot ki pa gen dwa sou li prann vann ni,bon met tè a trennen achtè a douvan tribunal, lajistis estime vandè a pa gen dwa vann olye se vandè a yo arete pou l remet lajan an ebyen se bon mèt tè a ki pat vann ,ki pat touche lajan,ki pat manje lajan jij yo egzije pou remet lajan épi ak enterè ankò,sa se krim,se enjistis.
Papye di té a te vann pou 11000 dola ayisyen,yo fè bon mèt tè a ki pat vann nan remet 22000 dola épi ak anpil jou prizon tandiske vandè a pa remet lajan
Men eta lajistis la
Epi anpil Kokorat panse nou gen pwoblèm ak jij
Mesye sa yo pa diferan de Izo,yo fè kidnaping pa yo a ak plim.
Antouka dosye sa ap rive lwen mesye ,gen neg y'ap trennen pi red nan CSPJ e devan komisè.