23/07/2025
San mwen pa genyen ankenn pretansyon, men mwen kontan pou gwosè enpak konsè 77èm dimasyon Grand Orchestre Septentrional la fè nan mond mizik la.
Mwen felisite "la Grande Famille" pou gwosè esplwa sa yo reyalize.
Mwen ap felisite tèt mwen, mwen menm Sb one, paske mwen te toujou ap goumen, lanse mesaj inyon ant tout pitit Septen.
Gwo konsè sa, se siy ki montre lè gen division, pap gen avansman ak chanjman. Poutan nan tèt ansanm, nou kapab reyalize anpil gwo bagay.
Genyen anpil zanmi kite toujou di m yo pa nan linyon : Konsèy eritye, konsèy siperyè, Ricot Pierre-Louis. Mwen te toujou kwè si nou mete tèt nou ansanm, nou ka fè pi gwo bagay.
Konsè 77èm nan se rezilta.
Map kontinye batay pou sa ki bon nan Septen pou ideyal Mayestwo Ulric la kapab kontinye fè chimen li.
Septen di ansanm ansanm ansanm, mwen kwè Maes kontan, Roger Colas, Alfred Moïse, Tassy, Thomas David, Jak Jean, Bos Pyè, Ti jak, Soré kontan sa nou reyalize a. An nou kontinye pou nou chante Septen tou tan, Septen tout jan. Viv linite ak tèt ansanm...
SEPTEN UN JOUR, SEPTEN TOUJOURS...
fans