24/09/2025
Sa ki rive prezidan Makwon an sou teritwa ameriken sanble ak yon ensidan diplomatik.
Prezans Emanuel Macron sou teritwa USA pa yon senp pasaj pliske se tout yon delagasyon fransèz ki te vin patisipe nan asanble jeneral nasyon zini.
Nasyon zini kreye nan 1945, li ranplase SDN(société des nations)ki te kreye aprè premyè gè mondial la,fòk mw diw Etazini pat manb SDN. Men lè nasyon zini kreye aprè dezyèm gè mondyal la se peyi venkè yo ki te deside nan ki peyi yap mete syèj li: kòm etazi se chèf de fil mond lib la se li kite deside ki kote yap plasel, konsa li bay nouyòk lakay li.
Men gen yon pwoblèm majè pouw vin nouyòk fòk ou gen viza lè konsa Etazini gen kontwòl tout delegasyon kap vin nan asanble jeneral nasyon zini. Li vin yon danje Kounya siw pa zanmi Etazini epi w se manb nasyon zini w oblije vin dòmi kay edmiw. Se gwo danje sa fè Fidel Castro pa vini anpil fwa, Kim Jung un pa mete pye, Poutine nan komansman lagèa pa vini.
Anpil Eta ap plenyen paske syèj nasyon zini an te dwe nan yon peyi net, ki pap reprezante okenn danje pou yon peyi ki pa danse kole ak USA.
Prezans òganizasyon entènasyonal la sou teritwa USA pèmèt li pwofite l pou fè represyon sou peyi ak moun ki pa zanmil. Se sak rive delegasyon palestinyèn nan ki tap vin nan asanble jeneral la, gouvènman ameriken pa ba yo viza se pa vizyo konferans yo patisipe.
Peyi Izrayèl se alye natirèl Etazini kelkesya pati kap dirije usa. Peyi Izrayèl pat toujou egziste se lame womèn nan ki te kraze l nan ane 70 yo aprè yon leve kanpe Kont yo. Anpi women an te depòte tout jwif nan lòt peyi, epi mete lòt pèp viv nan palestin ak jerizalèm. Sòti 70 de notre ère à 1945;Yo pase prèske 2000 an nan egzil. Se sou inisyativ onu, Etazini ak lòt venkè dezyèm gè mondyal la ke peyi sa te vin refèt ankò. Aprè Hi**er tap chache touye yo tout.
Izrayèl kreye an 1948 men espas la te abite sitou pa arab yo. Sa ki oblije Izrayèl fè lagè ak yo pandan tout tan li kreye e pa janm gen veritab trete pou lapè, donk li teyorikman toujou nan lagè ak yo. Izrayèl vin ap goumen pou mete tout moun kite la yo deyò epi pran tout espas la jan sa dekri nan labib.
Kòm Izrayèl te vin jwenn moun nan espas la gen moun ki di se 2 peyi ki pou fèt: Izrayèl ak yon Eta palestinien men Izrayèl pa dakò. E ameriken yo ak Trump dakò ak li.
Pou defann agiman sa yo di palestinien yo se Arab yo ye yo ka ale nan peyi Arab yo pliske chaje peyi Arab o mwayenn oryen men Izrayèl se sel état hébreux ki gen nan mond lan.
Pandan gè kap Izrayèl ap fè kounya gen rapò nasyon zini ki di se jenosid Izrayèl ap fè sou palestinien yo saki vle di lap chache disparet yo poul pran tèa. Saki lakoz yon bann peyi (pami yo la Frans )anviwon 150 chaje rekonet Etapalestinyen an devan loni yon desizyon ki deranje Izrayèl ak Etazini ki se alye ki anpeche peyi ki nan mwayèn oryan yo pa fè dap piyanp sou Izrayèl.
Saki rive Macron an pa gen plas li pliske Etazini ki la pou asire sekirite tout delegasyon kap vini nan asanble jeneral la, ou sonje yo te di Edgard Leblanc pap ka vini paske yo paka asire sekirite delegasyon pou Ayiti apre Gary Conille te gentan pran devan. Menm si wap vini ak sekirite men se yo kap kouvri w. Sepandan yo itilize kesyon sekirite a pou fè chantaj apre desizyon Macron poul rekonèt Palestine kòm peyi.
Li vin yon danje pou yon moun oubyen yon peyi siw gen pozisyon kontrè ak Etazini pouw deside vin ekspozel Lakay li. Fòk mw diw jan de jwèt sa yo pa fèt ak ak peyi gen gwo zam lakay yo. Lafrans gen gwo zam men akoz lotan defans Lafrans depann de Etazini. Yo paka defann tèt yo san sistèm antimisil ameriken an. Ewòp se yon konzinan vasalize. Madam Vander Leyern reprezante UE ( union européenne) patka negosye yon tarif dwanyè ak Dl Trump. Prezidan ameriken egzije 15% sou tout pwodwi ewopeyen kap antre lakay li, e yo menm yo mete 0%pou evite USA gen pwoblèm ak yo. Se kounya yap mete lajan nan bidjè pou defans. Yo rann kont si gen yon gè Etazini se lakay li li pral defann lage yo nan sak pa bon.
Desizyon pou bloke Macron an se yon reprezay sou yon peyi yo konnen ki pa gen mwayen repons. M doute fò yap fè yon delegasyon Russe sa.
Me Pierre-Louis Max , 23 Sep 2025