15/02/2025
Université Publique du Nord au Cap-Haïtien (UPNCH)
Ouvèti ofisyèl yon sal pwofesè nan UPNCH.
Administrasyon UPNCH la, louvri ofisyèlman yon sal pou pwofesè yo travay nan inivèsite a, jounen vandredi 14 fevriye 2025 lan. Anpil pwofesè te toujou fè demand sa. Yo te toujou di yo pa gen kote pou yo repoze lè yo vin fè kou epi aprè yo fin fè kou. Yo pa gen espas travay nan inivèsite a, espas pou yo rankontre etidyan, elatriye. Jodya, administrasyon UPNCH la, louvri sal sa pou pwofesè yo. Andan sal sa, genyen télévizyon, dlo ak kafe pou pwofesè yo epi enèji elektrik 24/24.
Administrasyon an ap di tout pwofesè mèsi pou kolaborasyon yo.
Okap, 14 fevriye 2025.
Administrasyon UPNCH