15/11/2021
*fabrikasyon lajan*
Selon ayibopos leta ayisyen depanse 3.60 goud pour enprime yon biyè 1goud.direksyon nan BRH ki responsab voye enprime lajan rele:Direksyon kès ak rezo.yon biyè ka dire ant 6 ak 8 mwa selon Jan itilizatè yo sèvi ave l.pou ane fiscal 2013-2014 la leta ayisyen t fè prodwi 18 milyon pyès ladan l te gen 800 mil pyès 20 kob,1milyon850mil pyès 50 kob,7milyon740mil pyès 1 goud épi 8milyon180mil pyes 5 goud.pou ane fiskal 2015-2016 la BRH t mete sou mache 79.9 milyon lajan an papye.kantite lajan ki tap sikile sou mache a an 2016 t nan anviron 41.3 milya goud.An mas 2019 leta te promet li pral fe enprime 30 milyon biyè 10 goud pou yon total 845.1 mil ero swa 78 milyon goud.Francois Charles Ouberthür se youn nan pi gro enprimri lajan e se li ki enprime lajan pou ayiti,li enprime lajan pou 70 lot peyi syèj sosyal li se Paris e li se 3ème pi gro enprimri lajan nan mond la. Yon machin ka enprime anviron 1.4 milya biyè pa ane.An 2018 enprimri lajan yo t rantre 9.8milya dola ameriken e pou 2023 yo prevwa yon revni anviron 11.1 milya dola ameriken.peyi ki enprime plus lajan nan mond la se la Chine,les États-Unis épi l'Inde .