IMAGE LAKAY Tv News

IMAGE LAKAY Tv News IMAGE LAKAY TV News se yon paj ki fèt pou bay tout kalite nouvèl Saint-Louis du Sud

27/05/2026

jounen lendi 25 me 2026 la, Dwayen Tribinal Premye Enstans (TPI) Okay la, Me Lucien Jocelyn ansanm ak Direktè Jeneral Ministè Enteryè a, Pierre Canisius Guignard, te pwosede ak enstalasyon Joseph Raymond Clergé kòm nouvo Delege Depatmantal Sid la.

Nan diskou sikonstans li, Delege Clergé mande Leta santral la pou amenaje biwo Delegasyon an, pandan li pwomèt pou make pasaj li nan tèt enstitisyon an atravè bon jan travay. Nouvo Delege a ranplase Me Charles Linscold, ki te pase anviwon 14 mwa nan pòs la.

27/05/2026

Pwojè PARSA ansanm ak Jean Némond Dorante distribye semans ak plantil bay peyizan yo nan Kontwa, 6èm seksyon komin Senlwi di Sid, madi 26 me 2026 la. Aktivite sa a fèt nan objektif pou ankouraje plantè yo kontinye soutni pwodiksyon lokal la epi ranfòse sektè agrikòl la nan zòn nan.

18/05/2026

Lekòl Salem Mòn Zoranje, ki chita nan komin Senlwi di sid, ap òganize 2èm edisyon Gran Parad li nan okazyon selebrasyon 223èm anivèsè Drapo Ayisyen an, ki ap fèt lendi 18 me 2026.

Aktivite sa a vize mete an valè lanmou pou drapo a, kilti nou, istwa nou, ak lespri patriyotis ki ini tout pitit peyi a. Elèv yo, pwofesè yo, ansanm ak paran yo pral pran lari pou rann omaj ak bikolò a, senbòl fyète ak diyite pèp ayisyen an.

18/05/2026

Prezidan Asosiyasyon Majistra yo nan Sid Fritznel Chéry ak Majistra Tòbèk Guidile Joseph ki te prezan samdi 16 me a nan Lansman Wout Tòbèk la bat bravo pou TPTC pou Lansman travay reyalibitasyon Wout Okay -Tòbèk la

16/05/2026

Lansman wout okay-tòbèk la fèt jounen samedi 16 me 2026 la , yon pwojè minis travay la fè konnen kap fini nan 10 mwa,sa vle di nan 10 mwa pap gen pousyè sou wout okay-tòbèk la ankò!

15/05/2026

Enjoy the videos and music you love, upload original content, and share it all with friends, family, and the world on YouTube.

À l’initiative du Ministère de l’Éducation Nationale, plusieurs centaines d’élèves, parmi lesquels de nombreux lycéens d...
14/05/2026

À l’initiative du Ministère de l’Éducation Nationale, plusieurs centaines d’élèves, parmi lesquels de nombreux lycéens du Lycée Philippe Guerrier des Cayes, ont participé ensemble à une cérémonie solennelle de montée du drapeau le jeudi 14 mai 2026. Rassemblés dans la cour de l’établissement, les élèves, encadrés par leurs enseignants et membres du personnel administratif, ont pris part à ce moment empreint de civisme, de discipline et de fierté nationale.

Cette activité s’inscrit dans le cadre des préparatifs de la célébration de la Fête du Drapeau et de l’Université, commémorée chaque 18 mai en Haïti. À travers cette initiative, les autorités éducatives entendent raviver chez les jeunes le sens du patriotisme et renforcer leur attachement aux symboles de la Nation.

La montée du bicolore haïtien n’a pas été un simple geste protocolaire, mais un véritable acte éducatif et citoyen. Les élèves ont été invités à réfléchir sur l’histoire du drapeau, sur sa création à l’époque de l’Indépendance, ainsi que sur la portée symbolique de ses couleurs, qui incarnent l’unité, la liberté et la solidarité du peuple haïtien.

En mettant l’accent sur la signification profonde du bleu et du rouge, cette démarche vise à aider les jeunes à mieux comprendre les valeurs que représente le drapeau national et à développer un sentiment d’appartenance plus fort envers leur pays. Il s’agit également de leur rappeler que le respect des symboles nationaux passe par des comportements responsables, un engagement citoyen et la volonté de contribuer positivement au développement d’Haïti.

Par cette cérémonie, le Ministère de l’Éducation Nationale réaffirme ainsi son rôle non seulement dans la transmission des savoirs académiques, mais aussi dans la formation de citoyens conscients, engagés et fiers de leur identité nationale.

IMAGE LAKAY Tv News

14/05/2026

Sou inisyantiv ministè edikasyon nasyonal, plizyè santèn elèv pami yo liseyen nan Filip Gèrye Okay ak frè odil ak menzouvèt ,monte drapo a ansanm jedi 14 me 2026 la. Se yon activite ki fèt an apwòch fèt drapo a, 18 me. Se nan lide pou ankouraje timoun konprann senbolism ki kache dèyè bikolò a

Èskew pare pouw vin danse ? 🩸Festi COLOR  🔥📅 18 Mai 2026📍 Maillot Blanc – École Salem des Orangers, St-Louis du Sud⏰ 3:0...
07/05/2026

Èskew pare pouw vin danse ?
🩸Festi COLOR 🔥
📅 18 Mai 2026
📍 Maillot Blanc – École Salem des Orangers, St-Louis du Sud
⏰ 3:00 PM
🎟️ Antre GRATIS
🎤 Atis envite: Druck-G, Steevy King, Black-G, G-Doa, Mr Update, Wowolove, Music Standard, It’s Gama
🎧 DJ: Alen-G, Papoumix, One Love
✅ Show live
✅ show de Dance 💃
✅ 100% lokal
Vini selebre drapo nou an nan koulè, fyète ak mizik!
Pote mayo blan ou!

02/05/2026

Nan kad selebrasyon fèt agrikilti ak travay la, vandredi 1e me 2026, Direksyon Depatmantal Sid Ministè Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Riral (MARNDR) lanse twa (3) jounen fwa agro-atizanal an kolaborasyon ak pwojè Taywonn. Inisyativ sa a vize mete an valè travay pwodiktè ak atizan yo, pandan li ankouraje konsomasyon ak valorizasyon pwodiksyon nasyonal la.
Fwa sa a ap pèmèt pwodiktè yo ekspoze pwodwi yo, kreye plis opòtinite mache, epi ranfòse lyen ant sektè agrikòl ak sektè atizanal la nan rejyon Sid la.

Adresse

Aquin

Téléphone

+50937342755

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque IMAGE LAKAY Tv News publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à IMAGE LAKAY Tv News:

Partager