18/10/2025
“Dantan Lakay Nou” – Yon Vwayaj Nan Tan Granmoun Lontan*
Lontan, lakay te gen yon lòt gou, yon lòt chalè, yon lòt jan lavi t ap dewoule. Se pa te telefòn ki te reveye moun, se te chant zwazo ak son kok chante a ki t ap leve tout lakou. Granmoun yo pa t leve al chita sou rezo, yo leve al limen dife anba boulatye a, mete kannari sou chodyè wòch, epi chalè lavi te kòmanse.
Manman leve anvan tout moun, li rale dife, mete chodyè sou twa wòch, limen li ak papye jounal oubyen paille kann. Dlo lan kannari ap bouyi, li prepare kafè griye lakay, matche l ak pilon, pase l ak pay, epi tout moun ap bwè nan ti gode aliminyòm. Ou tande? Kafè cho, san s*k, men li gen gou respè!
Apre sa, tout fanmi mete tèt yo ansanm. Papa gentan mete kout panye sou tèt, manchèt nan ren, li soti al konbit. Konbit se pa sèlman travay, se lespwa, se solidarite. Chak jou se youn ede lòt, youn bay men, youn leve lòt.
Timoun yo? Yo baleye lakou, yo ale nan sous pote dlo. Rad pa te fòse blanchi, men tout moun te pwòp. Respè te nan je moun, pa nan rad yo.
Wi, tan lontan te gen mizè, men li te gen diyite, lanmou, ak valè. Jodi a, nou sonje l ak je ki plen dlo, paske nou konnen: *lontan se pa te lajan ki te fè valè yon moun, se sa k te gen nan kè li.*