12/05/2025
Kilé ou ka di ou an eta de revéy espirityél?👇🏼👇🏼👇🏼👇🏼🕯️🕯️
Se lé ou komanse wé lavi a ak yon lot sans ak je espirityél,ou komanse poze tét ou kesyon
Kisa mwen ye vréman?
Poukisa mwen sou laté?
Ki sans tout sa kap rivem?
Sa yo ka komanse pa yon chó ou sibi emosyonélman
Oubyen yon doulé.
Yon rév ki repete plizyé fwa , chak ou mete tét nan Kabann se Rèv sa wap plede fé.
Li ka Koz yon moun Oubyen tou yon mesaj ki touche ou fó
Siy kap féw santi ou nan moman revéy espirityél wap santi ou izole Poutan ou pa tris pou sa, wap chache silans rév ou yo vinn pi klé ou ap santi yo pa senp tou .
Ou vinn atire pa lanati ou vinn ap santi lafwa ou oswa enéji ou vinn santiw pi sansib ou pa toleran ou ka menm santi ou paka wé moun Kotew ou vinn fleksib sitou ak enéji ki pa konpatib avéw.
Ou vinn pa aksepte tande manti anko nan menm moun menm tét ou w pa vle bay manti ou vinn tré radikal ou vinn fé fas ak sa yo rele sipriz identité ki se Komansman nouvo ou menm nan 🕯️🕯️
Kisa pouw fé lew santiw nan moman revéy espirityél sa
Aksepte li
Tande tét ou
Pa néglige anyen nan saw santi saw tande yo paske wap resevwa anpil mesaj médite oswa mache nan silans paske énéjiw ap bezwen espas ak silans poul fleri🕯️🕯️🕯️
Pa pé okenn chanjman ni nan moun, ni nan wout wap pran kit se nan mange tout sa ou santi ki vle chanje kite yo chanje sonw lot etap nan laviw 🕯️🕯️🕯️
Sispann fose konekte ak moun ki pa sou menm vibrasyon avew anko paske révèy la chanjew an yon lot moun yon lot enéji 🕯️🕯️
afimasyon pouw repete pandan moman revéy la 👇🏼
Mwen ouvé pou limyé kap reveye nan mwen an map mache ak vérité menm lé li pa fasil
Ayibobo Ayibobo Ayibobo 🏝️💦🌞🌞🌍🔥🔥🔥🔥🔥🔥