
13/07/2025
Moun Pestel pran kou nan bandi nan Kapital la.
Plizyè 3 moun mouri ak plizyè lòt soti blese, apre bandi ouvè kout zam sou batiman Bénédiction ki se byen prive Emanuel Henry, nan lannwit 8 pou rive maten 9 jiyè 2025 lan,ant waf Jeremi ak Mariani daprè sa Kasek Louima Jean Baptiste fè konnen.
Nap raplew batiman Bénédiction fè trajè Pestel,Zile Kaymit, Koray ak Potoprens .
Pi lwen Kazèk la denonse pasivite Leta a ki pa janm fè anyen pou anpeche moun viktim anba kout zam malfra san fwa ni lwa sou tout fòm.
NB: Se pa premye fwa moun Pestel, Zile Kayimit ak Koray viktim sou lanmè antre Sid Kapital la.