Radio Atlantique FM

Radio Atlantique FM Radio de musique et d'information

18/08/2026

Ann tande Jocelyn Pouchon (JP)kite pran lapawòl pou l lanse yon apèl bay popilasyon an pou mobilize yo ,jou kite samdi 15 Dawout 2026 la, pou yo al enskri epi pran bon jan enfòmasyon sou fason y ap dirije pwosesis elektoral la ak fason pou egzèse dwa vòt yo.

Nan rankont sa a, plizyè pèsonalite te prezan, pami yo Eddy Jhon Marcadieu, ki pwofite anonse kandidati li pou pòs senatè Depatman Sant lan.

Ann tande Jocelyn Pouchon pou plis detay sou mesaj li ak objektif rankont lan.

17/08/2026

Lansman Lise Jan Jak Desalin nn Kwafè ,Beladè

Nan kad rankont ki te dewoule nan komin Beladè, Donald Montas, yon jèn antreprenè nan vil la prezidan assopa
, te pami patisipan ki te pran lapawòl devan Mesye Ecclésiaste Télémaque, Direktè Kabinè Minis Edikasyon Nasyonal la, ansanm ak lòt reprezantan otorite yo.

Pandan echanj la, Donald Montas pwofite okazyon an pou mete sou tab la plizyè preokipasyon li di kominote edikatif Beladè ap fè fas ak yo. Li mete aksan sou nesesite pou otorite yo pote plis atansyon sou bezwen lekòl yo, kondisyon travay ak ansèyman pwofesè yo, disponiblite materyèl pedagojik, ansanm ak amelyorasyon enfrastrikti lekòl yo.

Daprè Montas, devlopman Beladè pa ka fèt san yon sistèm edikatif ki solid, aksesib e ki bay timoun yo bon jan kondisyon pou aprann. Li mande pou pwoblèm lokal yo jwenn yon plas reyèl nan desizyon k ap pran nan nivo nasyonal la.

Pozisyon sa yo antre nan yon kontèks kote otorite edikatif yo ap pale de yon refondasyon sistèm edikatif ayisyen an, ak priyorite tankou amelyorasyon kalite aprantisaj, fòmasyon pwofesè, gouvènans, enfrastrikti ak aksè ekitab ak edikasyon.

Donald Montas envite responsab yo konsidere vwa aktè lokal yo kòm yon eleman enpòtan nan nenpòt demach k ap chèche amelyore sistèm edikasyon an nan Beladè.

Radio Télé Atlantique Jrnaliste Clinton Louis

17/08/2026

Yon delegasyon Ministè Edikasyon Nasyonal nan Beladè

Yon delegasyon Ministè Edikasyon Nasyonal te prezan nan komin Beladè, Kwafè, jodi lendi 17 dawout 2026 la, nan kad yon seri aktivite ki vize ranfòse prezans ak aksyon enstitisyon an nan kominote a.

Pandan vizit la, delegasyon an te patisipe nan lansman Lise Jan Jak Desalin, yon moman ki te reyini plizyè responsab ak pèsonalite nan sektè edikasyon an ansanm ak lòt aktè lokal.

Nan okazyon sa a, ekip Radio Télé Atlantique te gen yon echanj ak Mesye Ecclésiaste Télémarque, Direktè kabinè Minis Edikasyon an, sou diferan aspè vizit la ak aktivite ki te dewoule nan komin Beladè.

Nou te remake prezans plizyè pèsonalite nan seremoni an, pami yo Mèt Lutherking E. Marcadieu, ki fè pati Komisyon Pasasyon Mache Piblik nan sektè Edikasyon Nasyonal la. Li te akonpaye pa Direktè Jeneral Eddy Jhon Marcadieu.

Se nan yon atmosfè ki chaje ak enterè ak patisipasyon otorite yo ak aktè lokal yo aktivite sa yo te dewoule. Ann swiv repòtaj la pou n konnen plis detay sou vizit delegasyon Ministè Edikasyon Nasyonal la ak lansman Lise Jan Jak Desalin nan Jrnaliste Clinton Louis Radio Télé Atlantique depi Beladè.

17/08/2026

Hommage au Caporal Marcadieu Sainté

Décédé le 8 d’août 2026 à l’âge de 64 ans, le Caporal Marcadieu Sainté laisse derrière lui le souvenir d’un homme qui a consacré une grande partie de sa jeunesse au service de son pays au sein de l’Armée d’Haïti.

Ce lundi 17 août 2026, famille, proches, amis et anciens compagnons d’armes se sont réunis pour lui rendre un dernier hommage à l’occasion de ses funérailles.

À travers son parcours militaire, Marcadieu Sainté a marqué ceux qui l’ont côtoyé par son engagement et son dévouement au service de la nation.

Pour mieux retracer la vie, la carrière et le parcours de cet ancien officier, écoutons Harry Marcadieu, qui nous présente sa biographie et revient sur les principales étapes de sa vie.

17/08/2026
12/08/2026

Nou paka fè paj la rive 3000 abòne byen rapid kote Fan Radio Atlantique FM yo,abone .

11/08/2026

Vinn banm yon listwa ou konnen de Ri Gazon.vinn Rakontem.

10/08/2026

DÈNYE MINIT NAN KAZISAL

Jodi a, Lendi 10 dawout 2026, yon gwoup pwopriyetè magazen nan Kazisal deside fèmen biznis yo pou manifeste opozisyon yo kont yon desizyon Leta dominiken.

Ki rezon ki dèyè desizyon sa a? Ki enpak mezi a genyen sou aktivite komèsyal yo ak sou popilasyon an?

Tande plis detay ak Jounalis nou an, Jocelyn Pouchon ki sou teren an pou pote plis enfòmasyon sou sitiyasyon an.
Radio Télé Atlantique — La voix de toute la collectivité.

Vinn vide Lanmou sou DP Danas Marcadieu  .
10/08/2026

Vinn vide Lanmou sou DP Danas Marcadieu .

10/08/2026

Ekip Radio Télé Atlantique la pap dòmi
Sou lobedyans Jocelyn Pouchon ak PDG Rodelet, ekip nou an te deplase pou vizite chanpyona vakans k ap dewoule nan komin Batis.Yon vizit ki te pèmèt nou pran tan pou nou rankontre òganizatè yo, dekouvri anbyans chanpyona a epi tande reyaksyon Jocelyn Pouchon ak PDG Rodelet sou inisyativ sa a k ap mete jèn yo nan aktivite pandan peryòd vakans lan.Ann swiv ansanm reyaksyon yo nan kad vizit Radio Télé Atlantique la.
ParyajAgogo ,RadioTéléAtlantique ChanpyonaVakans JènYo Beladè.Jrnaliste Clinton Louis.

Ou.

Adresse

Mathégouasse #22, Route De La Frontière
Belladère
HT5321

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radio Atlantique FM publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Radio Atlantique FM:

Raccourcis

Partager