22/01/2026
🔵 TIKTOK VS YOUTUBE : KOTE LAJAN AN KACHE POU AYITI?
Anpil moun ap fè bèl kontni sou TikTok, yo gen dè milye "Views", men pòch yo toujou vid. Poukisa? Paske TikTok pa monétize an Ayiti. Sa vle di, kèlkeswa kantite Views ou fè, TikTok pap janm voye yon chèk ba ou si w ap viv isit. Sèl jan w ap fè kòb se si yon konpayi peye w pou w fè reklam (Sponsorship).
Men reyalite a sou YouTube :
Kontrèman ak TikTok, YouTube monétize Ayiti via Google AdSense. Si ou bati yon chanèl serye, Google ap peye w chak mwa pou piblisite (Ads) k ap pase sou videyo w yo.
Poukisa ou dwe kòmanse sou YouTube depi jodi a?
Revni Pasif (Lajan k ap tonbe pandan w ap dòmi): Yon videyo ou te fè depi 2 zan ka kontinye rapòte w kòb chak jou sou YouTube. Sou TikTok, yon fwa "Trend" la pase, videyo a mouri.
Se yon Biznis Serye: YouTube se pa sèlman "Challenge". Se yon plas kote moun vin chache konnen. Si w konn fè manje, si w konn ranje telefòn, ou nenpot saw konn fè kote moun kap gade videyo ou an ap aprann yon bagay kap ede yo nan vi yo, sa ki itil moun tout bon.
Google AdSense ap chache w: Depi w gen 1,000 abone ak 4,000 èdtan de views, ou ka kòmanse touche vèt la dirèkteman an Ayiti.
Konsèy mwen pou nou :
Sispann kouri dèyè "Views" sèlman. Kòmanse bati yon Chanèl YouTube. Sèvi ak TikTok kòm "Boutik" pou w voye moun al gade videyo long ou yo sou YouTube.
👉 TikTok se pou "Show", men YouTube se pou "Lajan".
Chanje estrateji nou an 2026 sa. Ann sispann travay pou "Views" sèlman, ann travay pou nou kreye yon sous revni ki dirab!