21/01/2026
Lakou dapel nan California pap rann desizyon sou dosye TPS Ayisyen yo anvan 17 Fevriye 2026.
Tribinal la bay gouvènman delè preske on mwa pou pwodui nouvo dokiman.
Li enpòtan pou n raple w dosye California pa menm avek dosye Washingon nan.
Nan dosye ki devan tribinal premyè enstans nan Washington, Jij Anaa Cecilia Reyes pwomet pou l pran on desizyon anvan 2 fevriye 2026.
Antretan gen diskisyon nan nivo kongrè pou ta vote on petisyon pou anpeche administrasyon trump lan mete bout nan TPS pou imigran Ayisyen.
👇
https://ctninfo.com/fr/tps-haitien-la-cour-dappel-de-californie-fixe-au-17-fevrier-la-date-limite-pour-la-production-des-documents/