16/12/2025
100 Jou Majistra Angeline Belle nan Tèt Mèri Okap, Yon Konbit pou Pwòpte
Nan premye 100 jou administrasyon li, Majistra Angeline Bell te lanse yon batay serye kont pwoblèm fatra ki afekte Vil Okap depi plizyè ane. Nan entèvansyon li yo, li te klè: li ap fè yon konbit ak tout pitit vil la pou vil la vin pi pwòp pase jan li te ye anvan.
Yon Defi Konplike,Pwoblèm leve fatra a trè konplike paske kapasite majistra a gen pou li leve fatra a minim pa rapò ak kantite fatra popilasyon an pwodwi chak jou. Malgre efò li pou l travay anpil, sa pa anpeche rezilta li t ap chèche pandan 100 jou a li jwenn li. Se yon sitiyasyon ki akimile pandan 15 a 20 lane, e ki pa ka rezoud nan 100 jou menm si gen konbit.
Pou rezon sa, majistra a te gen yon fim k ap travay sou tout vil la nan 3 seksyon kominal yo. Aprè rezilta ki pa fin twò satisfezan pandan 100 jou yo, li pral pèmèt gen 3 fim ki vin travay kounye a, kote yo chak ap nan yon seksyon pou pwòp tèt pa yo.
Li deja ap mete benn plizyè kote nan vil la kòm pwen fiks pou popilasyon an jete fatra epi pou machin pase pran yo atan. Pou ranfòse dispozitif la, majistra a rekrite 60 jèn fi ak jèn gason pou ranfòse polis kominal la, kote li pral repati yo nan plizyè pwen pou anpeche moun yo jete fatra nan lari a.
Majistra a te gen yon inisyativ sitwayen ki te konn fèt chak dènye samdi nan yon mwa, kote tout moun vin pote lamen fò pou goumen ak fenomèn fatra a. Dezòmè, li pa dènye samdi nan mwa a ankò, se chak samdi popilasyon an envite pou patisipe.
Anplis travay sou pwòpte, majistra a ap fè travay betonaj nan Ri 17 L nan wout kite kraze yo. Pwojè a ap desann nan Lèt L la pou bouche tout ti twou ki nan wout la, sa ki pral amelyore kondisyon sikilasyon nan vil la.
Nap enfòme popilasyon an lamèri gen gwo pann materyèl. Tout materyèl yo anpann, se lwe majistra a lwe yo pou fè ti efò li fè yo. Se yon reyalite ki montre limit resous yo, men ki pa anpeche volonte pou avanse.
An konklizyon, nou vle di popilasyon an rete kalm paske majistra a konsyan de pwoblèm yo. Li ap travay a gran pa pou pote satisfaksyon. Nap raple moun yo pou yo pa mete nan tèt yo sak pat fèt pandan 15 a 20 lane ka vin fèt nan 100 jou, menm si gen konbit.
Gen moun ki di majistra a te di l ap rezoud pwoblèm nan nan 100 jou. Men pou nou, majistra a pat di sa. Li te di pou tout moun nan popilasyon an bay yon kout kle nan fè konbit pou 100 premye jou li yo, pou tout moun ka wè yon diferans.
Pwoblèm anviwònman Okap la trè konplike. A mwayen tèm, majistra a ap panse pou apeze sitiyasyon an, pandan li ap fè gwo demach pou kapab fè gw pwojè dirab pou sove vil la tout bon nan sitiyasyon difisil li ye a.
Vibration Info ap kontinye swiv travay administrasyon an pou enfòme popilasyon an sou tout progrè ki fèt nan vil Okap.