20/10/2025
Refleksyon m sou itilizasyon rezo sosyal yo !
Jodi a, rezo sosyal yo vin youn nan pi gwo zouti kominikasyon nan mond lan. Yo ka sèvi pou pataje enfòmasyon, ankouraje inisyativ pozitif, enspire lòt moun, epi bati kominote solid.
Men malerezman, anpil moun sèvi avè yo nan move direksyon.
Gen twòp moun k ap itilize rezo sosyal pou denigre lòt moun, pou regle kont pèsonèl, oswa menm pou divilge zafè fanmi ki sansib.
Tout sa yo pap pote okenn solisyon, yo sèlman agrave pwoblèm yo epi sal non tout moun ki enplike ladan l.
Mwen kwè lè ou gen yon pwoblèm ak yon moun, pi bon fason an se pale avè l an prive, chèche konprann, chèche lapè.
E si nou pa ka jwenn antant, tribinal la toujou la kòm chimen ki legal ak responsab.
Pase sou rezo sosyal pou ekspoze moun, se pa chèche jistis se chèche popilarite.
Men popilarite pa janm ranplase rezon.
Ann sonje tou Sou rezo sosyal, pa tout moun ki ka li byen, ni konprann byen.
Gen anpil moun ki pa gen kapasite pou analize yon sitiyasyon an pwofondè, men ki toujou pare pou jije.
Se poutèt sa nou dwe fè anpil pridans ak sa n ap ekri, ak sa n ap pibliye.
Yon mo, yon fraz, oswa yon foto kapab rete sou entènèt la pou tout lavi, e li ka tounen kont ou nenpòt lè.
Ann sèvi ak rezo sosyal ak matirite, respè, ak konsyans.
Sèvi avè yo pou konstwi, pa pou kraze.
Paske jodi a, se ou k ap itilize yo kont yon lòt moun men demen, se yo menm ki ka itilize yo kont ou.
E lè sa rive, konsekans yo ka grav anpil.
Nan yon epòk kote tout bagay vin piblik, valè silans ak diskresyon vin pi ra, men se yo ki pi pwisan.
Pa bliye fason ou konpòte w sou rezo sosyal se yon pati nan imaj pwofesyonèl ou, pèsonalite ou, ak kredibilite ou.
Se pou chak piblikasyon ou reflete respè, entèlijans, ak matirite w. Gen sijè blag Gen sijè ki serye.
Se konsa n ap ka sèvi rezo sosyal yo pou leve tèt nou kòm pèp, kòm jenerasyon, kòm moun ki gen vizyon.
Reflechi anvan ou poste.
Chwazi lapè, chwazi respè, chwazi entèlijans.