Christophien News

Christophien News News

30/12/2025

Tou Cho!
Kabinè Avoka “Kay Dwa Kay Lwa” lin gen nan tèt li mèt Herode Charnel sezi dosye tantativ Asasinay Plizyè Jounalis te Viktim Samdi ki sot pase la anba men Plizyè Ajan sekirite la Meri Okap ak Polisye Allendy kise polisye ki detache bò kote Majistra an aprè Patrick Almonor. Nap Raple zak molonèt sa te fèt anba zye Majistra Patrick Menm ak Isaac Pierre Louis Malerezman yo pat gen kenn otorite sou Brigan sila yo ki tap itilize tout kalite zam yo genyen pou plonje sou jounalis yo.

27/12/2025

🚨SOS JOUNALIS NAN OKAP .

Ajan Meri Okap yo maspinen Jounalis Herly Mîlien ak Francely Estimable aprè yo sot patisipe n’an yon emisyon .
Jounalis yo pa anserite nan vil Okap.

26/12/2025

Ronald Louis dit (Blanchi) enstale kòm nouvo administratè lopital Fò Sen Michèl la jodi vandredi 26 desanm 2025 la.

Moïse Jean Charles kontinye ap pèdi patizan.

26/12/2025

48h aprè tout aktivite ap fonksyone nomal nan Plux Hôtel pwopriyetè a repare tout kote ki te demoli yo.

24/12/2025

Delege Depatman Nò Marc M. Présumé pran yon kalòt marasa nan mwens ke 24h pwopriyetè Plux Hôtel deja ap rekonstwi espas delege a te kraze a menm jan li te ye a.

24/12/2025

Pandan konfli ki genyen an delegasyon Nò ak pwopriyetè Plux Hôtel la.
Gérald Decelmont ki se chèf sekirite delege Marc M. Présumé deklare se li menm Eddy Salomon ki mèt otèl la konn bay kob ak zam pou tire dominiken pou li.

24/12/2025
18/12/2025

Phenelon Wisly se non mekanisyen sa ki gen 42 lane mouri ak tout yon dam otorite poko idantifye nan yon machin nan zòn charye nan seksyon odikap nan Okap Ayisyen. Moun yo fèk sot dekouvri kadav yo nan aswè mèkredi 17 Desanm 2025 lan.
Selon kèk temwen yo fè konnen se depi lendi 15 desanm 2025 la machin nan kanpr nan espas la.

Frantz Beauvoir, 34 lane, jwenn arestasyon li maten jedi 11 desanm 2025 lan sou ri 19 A, nan Vil Okap, pa Backup  Sèvis ...
11/12/2025

Frantz Beauvoir, 34 lane, jwenn arestasyon li maten jedi 11 desanm 2025 lan sou ri 19 A, nan Vil Okap, pa Backup Sèvis Minisipal Polis Jidisyè ( SMPJ ).

Daprè enfòmasyon yo, li sispèk kòm moun ki ta vòlè plizyè telefòn ak anviwon 2,000 dola ameriken nan Auberge du Picolet, anviwon 7è nan maten.

Se imaj kamera siveyans ki te nan lokal la ki te pemèt lapolis idantifye li epi mete men sou li.

Lapolis fè konnen Frantz Beauvoir te gentan vann telefòn yo. Pou kounye a, li nan komisarya Okap la kote li ap reponn kesyon otorite yo.

07/12/2025

ORCHESTRE TROPICANA D' HAITI fenk lage sa nan komin Tèrye Wouj après 52 zan Ayiti refè listwa.

🚨 | 𝗢𝗙𝗙𝗜𝗖𝗜𝗘𝗟  ! 𝗩𝗢𝗜𝗖𝗜 𝗟𝗘 𝗧𝗜𝗥𝗔𝗚𝗘 𝗔𝗨 𝗦𝗢𝗥𝗧 𝗖𝗢𝗠𝗣𝗟𝗘𝗧 𝗗𝗘𝗦 𝗚𝗥𝗢𝗨𝗣𝗘𝗦 𝗔̀ 𝗟𝗔 𝗖𝗢𝗨𝗣𝗘 𝗗𝗨 𝗠𝗢𝗡𝗗𝗘 𝟮𝟬𝟮𝟲 ! Groupe C pour les Grenadiers 🇭🇹 ...
05/12/2025

🚨 | 𝗢𝗙𝗙𝗜𝗖𝗜𝗘𝗟 ! 𝗩𝗢𝗜𝗖𝗜 𝗟𝗘 𝗧𝗜𝗥𝗔𝗚𝗘 𝗔𝗨 𝗦𝗢𝗥𝗧 𝗖𝗢𝗠𝗣𝗟𝗘𝗧 𝗗𝗘𝗦 𝗚𝗥𝗢𝗨𝗣𝗘𝗦 𝗔̀ 𝗟𝗔 𝗖𝗢𝗨𝗣𝗘 𝗗𝗨 𝗠𝗢𝗡𝗗𝗘 𝟮𝟬𝟮𝟲 !

Groupe C pour les Grenadiers 🇭🇹 avec le Brésil 🇧🇷,Maroc🇲🇦 et Écosse🏴󠁧󠁢󠁳󠁣󠁴󠁿.

03/12/2025

Sa se dènye deklarasyon Merveille Venante kote li tap denonse menas lap sibi anba men plizyè moun nan vil okap, avan bandi ak zam rove asasinen l ayè Madi 2 desanm 2025 lan nan entèval 6-7h nan aswè nan ri 2 F la.

Adresse

Rue 5M
Cap-Haïtien
1111

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Christophien News publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager