04/05/2026
Nan yon konferans pou la près jodi dimanch 3 avril 2026 la, minis enteryè ak kolektivite tèritoryal yo Paul Antoine Bien-Aimé te gen anpil difikilte pou reponn kesyon konsènan anpil moun kap mande pou chanje katèl magistra okap la si tout fwa yo vle amelyore sityasyon vil la.
Nan yon langaj ki pa tro klè, minis Antoine Bien-Aimé fè konnen gouvènman poko vrèman enterese pou chanje magistra yo nan yon moman kote vil la ap konnen anpil difikilte nan sak gen pou wè ak fatra epi inondasyon aprè nenpòt ti lapli.
Kesyon sa te poze aprè anpil vwa leve nan 2èm vil peyi a pou mande revoke katèl magistra sa Angie Bell ap dirije anpil moun estime ki pa gen kopetans pou amelyore sityasyon vil la ap travèse jounen jodi a.
Soti sant vil,rive pase nan geto yo, jis rive nan ansanm site yo abitan yo mande gouvènman pou chanje rapid, vit katèl magistra sa si tout fwa yo vle rezoud problèm ensalibrite ak anvironmantal la.
Depi Angie Bell rive nan tèt meri a li pa montre li gen konpetans pou dirije 2èm vil peyi a. Li pa vini ak okenn plan amenajman ak ibanis pou amelyore sityasyon anvironmantal ak fatra kap detwi okap la.
Malgre se pa jodi a vil okap ap konnen sityasyon salte sila yo, Magistra Angie pa gen konpetans pou change done yo" se sa plizyè abitan fè konnen pandan yo tap proteste pandan semèn nan.
Nap raple nan yon rankont ak delegasyon gouvènmantal la pandan semèn nan, Marc Présumé ki se délégué depatmantal nò, kritike Magistra Angie Bell lefè lap mal jere fon ki disponib pou netwaye vil la. Devan minis enteryè ak kolektivite tèritoryal yo, li jodi a se plis yon nesesite pou chanje katèl sa pou rezoud problèm okap la.
Kwakou News