29/12/2025
Depatmantal Nò PNH la, Sem Calixte, raple tout ajan BSAP yo ke yo pa gen otorizasyon pou sikile ak kagoul, akoz plizyè endividi lapolis ap chèche al kache nan BSAP
Direktè Depatmantal Polis Nasyonal Ayiti (PNH) nan Nò a, komisè divizyonè Sem Calixte, voye yon siyal klè, fèm ak san anbigite nan kad batay li ap mennen kont ensekirite nan depatman an.
Atravè yon seri mezi estrik, li entèdi manm Brigad Sekirite Zòn Pwoteje (BSAP) yo sikile ak kagoul, epi li entèdi yo patisipe nan regilarizasyon sikilasyon oswa nenpòt lòt aktivite ki gen rapò ak sekirite piblik nan depatman an.
Komisè Sem Calixte raple ak anpil klè ke BSAP pa gen okenn misyon polisyè, e pou rezon sa a, yo pa entegre nan okenn operasyon sekirite PNH ap mennen nan depatman Nò a.
Li souliye tou ke gad anviwonmantal yo gen misyon byen defini, jan Ministè Anviwònman an prevwa sa, sitou nan jesyon ak pwoteksyon espas pwoteje atravè peyi a. Se nan kad sa a sèlman yo dwe fonksyone.
Anplis de sa, Direktè Depatmantal la fè konnen gen plizyè endividi lapolis ap chèche, ki gen manda lajistis sou tèt yo, e ki ta entegre oswa kache dèyè BSAP. Lajistis, dapre li, gen kestyon enpòtan pou poze moun sa yo.
Avèk desizyon sa yo, komisè divizyonè Sem Calixte reafime volonte PNH pou retabli lòd, fè respekte lalwa, epi mete klè nan wòl chak enstitisyon nan batay kont ensekirite nan depatman Nò a.
Valcourt Robenson Confiance INFO MÉDIA CAP-HAÏTIEN ✍️. 29/12/25