Anpil Koze Tv #1

Anpil Koze Tv #1 Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Anpil Koze Tv #1, Société de médias/d’actualités, Cap-Haïtien.

Mesaj enpòtan pou chofè machin yo!!!Pifò machin yo gen yon bouton resikilasyon ak kontwòl AC nan machin yo. Men, anpil n...
07/07/2022

Mesaj enpòtan pou chofè machin yo!!!
Pifò machin yo gen yon bouton resikilasyon ak kontwòl AC nan machin yo. Men, anpil nan nou pa konnen ki lè pou sèvi ak li...
Ok, repons lan fasil se sèvi ak li nan sezon chalè (été) a epi fèmen li nan sezon fredi (hiver) a.
Bouton resikilasyon an tou senpleman pran lè ki soti andedan machin nan epi li resikile li tounen nan kabin lan olye pou li rale lè fre soti deyò. Nan jou tankou jodi a, lè li fè gwo cho deyò, si ou pa fè sikile lè pi fre a tounen nan kabin lan, sistèm èkondisyone ou a rale lè cho ki soti deyò epi li eseye refwadi li. Sèvi ak karakteristik resikilasyon an ap refwadi machin ou epi redwi usure nan sistèm èkondisyone ou...
Si machin ou te fè anpil tan nan solèy nan solèy la, sa ap fè li cho anpil anpil, li pi bon desann vit yo epi fèmen resikilasyon an pou kèk minit, konsa wap debarase w de lè cho andedan machin nan anvan aktive resikilasyon. Epitou, chak fwa w' blokis (sezon cho oswa sezon fredi), asire w ke ou itilize resikilasyon. Si ou rale nan lè ki soti deyò, ou rale nan lè ki vrèman polye yo ak monoksid kabòn nan tout trafik la. Etid yo montre ke fè sikilasyon èkondisyone ou ka diminye kantite polyan k ap antre nan veyikil ou a 20% lè w nan blokis !!!

Jwèt pou nouKisa w tap fè nan ka sa a...Medam sa nou tap fèMesye sa nou tap fè
23/06/2022

Jwèt pou nou
Kisa w tap fè nan ka sa a...
Medam sa nou tap fè
Mesye sa nou tap fè

Gen plizyè reyinyon ki gentan fèt, sou kesyon madam yo kap manje manje chat (mimi) yo; chat yo vrèman pa dakô sa...Yo de...
23/06/2022

Gen plizyè reyinyon ki gentan fèt, sou kesyon madam yo kap manje manje chat (mimi) yo; chat yo vrèman pa dakô sa...
Yo deklare ke yo deja sipôte plizyè bagay ke yo sibi deja men yo pat janm pale,
1 - Medam yo bay pati entim yo pote non chat la
2- Yo deja pran back chat la
3- Yo ap manje manje chat la kounyea
Chat yo oblije reyini pou voye mesaj bay medam yo di jwèt la dwe kanpe la, sinon yo ap pase an aksyon, yo pwomèt ke yo ap bay medam yo las la tou, si yo pa poze kô yo...

04/06/2022

Chak fwa mw sonje kesyon saaaa, mw pa santi ayiti se peyi vre !!! Antouka ....

26/05/2022
Jodi a se 18 me, jan nou toujou di l, se yon dat istorik, fèt drapo peyi nou Ayiti... Se ta va yon bèl fèt, ayisyen anvi...
19/05/2022

Jodi a se 18 me, jan nou toujou di l, se yon dat istorik, fèt drapo peyi nou Ayiti... Se ta va yon bèl fèt, ayisyen anvi fete vre....
Eske se yon dat ayisyen fyè de li, oubyen li dwe fyè de li???
Mwen ap reflechi e mande si tout Ayisyen haïtien santi yo menmjan avèk mwen!!! Eske jan mw santi m jounen jodi a yo ta menmjan tou??
Kè m pa kontan e mw santi l'ap dechire chak fwa mw rive sou yon post swa sou facebook oubyen whatsapp se drapo ble e wouj kap fè aktyalite...
Mwen panse tout moun, spesyalman otorite yo ta dwe pa fete fèt drapo jodi a, mw konnen gen moun ki pap dakò avèm !!!
Koman ou pral fè kanpe ak fyete pou wap di ou se Ayisyen, ou fyè de peyi ou; pandan menm ou menm anko ap detwi ayisyen parey ou, tiye pwòp frè nou, pran plezi nan gade yo kap benyen nan san yo, pran plezi nan gade sè ou ke w monte sou li pou wap vyole l, vòle l, kidnape li; san konte paran ki pa ka pran lari pou al travay pou nouri kay la, pa ka mennen timoun yo lekòl, elatriye.....
Fòk nou gen kouraj, fòk nou kanpe pou nou di gwo zotobre yo an nou sote ane sa ak koze fèt drapo a paske twòp san frè ak sè nou ki koule, nou fin pèdi tout diyite nou kòm pèp, nou sibi twòp, ann repanse pou nou aranje bagay yo, si gen chanjman lòt ane sa pral depan kote nou rive na va panse a fete yon fèt konsa...
Mwen twouve sa yon wont wi pou pèp Ayisyen an...
Mw swete nou aprann antann nou, pou vrè inyon an fèt, pou nou pwatike men anpil chay pa lou a...
Nan tèt ansanm nap rive gen peyi dayiti nou swete genyen an, kote enterè komen an ap prime...
Bonjou, bonswa tout ayisyen parèy mw yo, Yon jou lap jou pou Ayiti !!!

14/05/2022

*Mesaj Enpòtan*

Anpil bagay nou dwe konnen sou bonbòn gaz ke nap itilize chak jou...
Nan peryòd sa, nou remake anpil moun renmen souke byen fò bonbòn gaz ki lakay yo a,Pou yo Ka konnen nan ki nivo gaz la ye nan bonbòn lan...
Donk, ou menm kap sèvi ak bonbòn gaz pwopàn se enpòtan pou w byen koute e aplike ti konsèy sa yo...

Mezanmi se yon gwo danje sa ye lè nou gen abitid souke bonbòn gaz la, sa ka pèmèt nou ale nan peyi san chapo nan kèlke segond...

Men bon metòd nou ka itilize pou konnen nan ki nivo gaz la ye nan bonbòn lan?

Pran yon vè dlo vide li sou bò bonbòn lan aprè yon ti tan anlè boutèy la ap sèch , e nan limit gaz la rive nan bonbòn lan ap rete mouye ,sa vle di anba boutèy la jiska limit gaz la rive nan bonbòn lan ap rete mouye...

Donk Pati ki rete mouye nan boutèy la deja endike w nan ki nivo gaz la ye...

Se yon gwo danje lèw souke bonbòn lan, ni pou ou ni pou moun kap viv tou prè w...

Avèk mesaj sa ou kapab sove vi anpil lòt moun , pa ezite abòne, pataje, like li...

10/05/2022

Fanm nan nò wi, Vin pran non, se granmèt ki bay
Fanm nan nò dous jan yo toujou di l la, men depi w fè erè yo pap manke w

Gwo operasyon mennen pa Lapolis nan depatman nò peyi dayiti, nan komin plèn di nò dimanch swa kite 8 me an, 7 prezime ba...
10/05/2022

Gwo operasyon mennen pa Lapolis nan depatman nò peyi dayiti, nan komin plèn di nò dimanch swa kite 8 me an, 7 prezime bandi byen ame ki te nan echanj katouch ak Lapolis tonbe, 2 lòt arete, Lapolis arive sezi 4 zam nan operasyon sa, Bravo Lapolis...

Credit photo PNH

Kontinye pataje mesaj la, pou nou sove vi lòt moun...Pataje, like, abone
08/05/2022

Kontinye pataje mesaj la, pou nou sove vi lòt moun...
Pataje, like, abone

*Mesaj Enpòtan*

Anpil bagay nou dwe konnen sou bonbòn gaz ke nap itilize chak jou...
Nan peryòd sa, nou remake anpil moun renmen souke byen fò bonbòn gaz ki lakay yo a,Pou yo Ka konnen nan ki nivo gaz la ye nan bonbòn lan...
Donk, ou menm kap sèvi ak bonbòn gaz pwopàn se enpòtan pou w byen koute e aplike ti konsèy sa yo...

Mezanmi se yon gwo danje sa ye lè nou gen abitid souke bonbòn gaz la, sa ka pèmèt nou ale nan peyi san chapo nan kèlke segond...

Men bon metòd nou ka itilize pou konnen nan ki nivo gaz la ye nan bonbòn lan?

Pran yon vè dlo vide li sou bò bonbòn lan aprè yon ti tan anlè boutèy la ap sèch , e nan limit gaz la rive nan bonbòn lan ap rete mouye ,sa vle di anba boutèy la jiska limit gaz la rive nan bonbòn lan ap rete mouye...

Donk Pati ki rete mouye nan boutèy la deja endike w nan ki nivo gaz la ye...

Se yon gwo danje lèw souke bonbòn lan, ni pou ou ni pou moun kap viv tou prè w...

Avèk mesaj sa ou kapab sove vi anpil lòt moun , pa ezite abòne, pataje, like li...

Doktè, enfimyè, ak lòt pèsonèl sante yo, sa nou panse, bay misye repons la pou mw nn souple
08/05/2022

Doktè, enfimyè, ak lòt pèsonèl sante yo, sa nou panse, bay misye repons la pou mw nn souple

Adresse

Cap-Haïtien

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Anpil Koze Tv #1 publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager