Radio Tropikal Okap

  • Home
  • Radio Tropikal Okap

Radio Tropikal Okap Radio Tropikal est une station de radiodiffusion privée, indépendante et commerciale émettant depuis le Cap-Haitien.

Ses trois axes principaux sont l'éducation, l'information et la distraction. Nos émissions sont scientifiques et amusantes.

20/04/2022

Crash d'un petit avion N888EU cet après-midi aux environs de 4 heures à Carrefour (Port-au-Prince). Il a percuté un tap-tap et en a fait 5 morts.

14/03/2022

*PREZANTASYON RAPÒ EMISYON " PROFESSIONS/ETHIQUE ET DEONTOLOGIE" 11 MAS LA*

N ap salye w ak anpil respè e prezante w rapò emisyon *PED ki te fèt 11 mas 2022 ak Envite *Marie-André BÉLANGE* ki se yon Jounalis Repotè otou sijè sa «*Le Journaliste Reporter, les précautions à prendre sur le terrain*». Emisyon sa prezante chak vandredi 3 zè pou 5 kè sou Radyo Tropikal 101.5 nan Okap e se *Malherbe JOSEPH*, ki se Kontab epi Jounalis ki prezantate l.
Objektif Emisyon sa se konbat move konsyans kèk Pwofesyonèl k ap tèni imaj Pwofesyon yo nan jan y ap ekzèse yo ki pa etik.

*KIYÈS KI MARIE-ANDRÉ BELANGE*?

Marie-André BELANGE se yon jèn fanm Jounalis Repotè nan yon Medya trè popilè nan Kapital la. Se yon jiris ki fenk diplome, e li se Kòdonatris yon rezo jounalis ki rele *Annaprè* k ap fè pwomosyon pou dwa moun. Li kolabore tou ak kèk lòt òganizasyon k ap defann dwa moun.

*KISA KI YON JOUNALIS REPÒTÈ YE*?

Selon Marie-André BELANGE, yon Jounalis-Repòtè se yon Jounalis ki ale nan sous la sa vle di sou teren an menm pou li al chèche enfòmasyon, verifye yo, trete yo avan menm yo difize yo kòm enfòmasyon moun dwe konnen.

*KI KALITE YON JOUNALIS REPOTÈ A DWE GENYEN*?

Madam BELANGE di yon Repòte dwe gen yon gran kapasite obsèvasyon pou l rive sezi sa anpil lòt moun pa wè malgre yo t ap gade tou. Yon Jounalis Repòtè pa limite sèlman a pran imaj epi ekri. Li bezwen kapasite oubyen fasilite pou rapòte/dekri fè yo klè, yon fason pou moun ki pa t la yo gen enpresyon yo te la lè y ap koute oubyen li repòtaj la. Non, vèb, adjektif l ap chwazi yo pa ka fèt 1-2 pap padap tou paske Madam BELANGE di nou ekriti jounalistik la diferan ak ekriti òdinè yo.

*ESKE NENPÒT MOUN KI METRIZE KAMERA FOTO OUBYEN VIDEYO DEJA KA YON JOUNALIS REPÒTÈ?*

Dapre Madam BELANGE, yon moun ki entelijan e k ap fonksyone ak jounalis ka rive aprann kèk bagay gras abitid li gen ak jounalis sa. Men Repòtaj se tankou yon panye ki chaje bagay ladann sa vle di li gen plizyè divizyon ladan l (Repòtaj Radyo, Repòtaj videyo, Repòtaj imaj). Donk menm si w gen kèk konpetans ki gen lyen ak jounalis repòtaj, ou dwe al lekòl kanmenm pou aprann tout prensip ou pa t konnen yo. *Egzanp*: Menm lè w gen kamera nan men w, ou pa ka fè foto ni filme nenpòt bagay jan w vle (sitou nan mikwotwotwa yo). Ou pa ka filme afè moun yo, vizaj moun yo, timoun ki sou lye/lieu a san konsantman yo oubyen konsantman paran yo. Sa w ap filme oubyen fotografye a dwe « d’utilité publique » oubyen w jwenn « permission/autorisation formelle » avan. An prensip se lekòl ki montre ti detay sa yo ak anpil lòt nou pa site la.

*ESKE MEDYA YO PWOTEJE REPÒTÈ KI ATACHE AK YO SOU TEREN AN*?

Madam BELANGE te repon pou l di malerezman majorite medya nan peyi Dayiti, pou l pa di tout, pa jere pwoteksyon jounalis yo. Jis imajine yon jounalis ki pral kouvri yon evennman ki danjere, kote gen bal reyèl, bal kawoutchou, gaz lakrimojèn, wòch ak boutèy ap lanse epi repòte a pa menm gen ni yon jilè pabal, ni kas nan tèt li, ni bòt nan pye l. Nan ka sa Medya yo pa pwoteje Repòtè lakay yo vrèman. E se wòl yo pou yo òganize epi egzije Jounalis yo pwoteje latètopye lè yo sou teren.

*KIJAN YON JOUNALIS KA RIVE PWOTEJE PWÒP TÈT LI LÈ LI DE BWA BALANSE*?

Yon Jounalis Repòtè dwe vijilan depi lè l ap deplase pou l rive kote l pral kouvri evennman an. Tankou nan manifestasyon oubyen kote k gen dyèl ant bandi ak lapolis elatriye, li dwe ap veye anwo veye anba, adwat ak agoch pi mal pase volè k ap veye lapolis paske pwoteksyon jounalis la depann anpremye de li menm. *Mèt kò ki veye kò* selon Jounalis Repòtè Marie-André BELANGE.

7) *KI KÒMANTÈ W PA RAPÒ AK KÈK POLISYE AK GWO PALTO KÈK JOUNALIS KONN SIBI MOVE TRÈTMAN ANBA MEN YO*

Dapre Madanm BELANGE, yon Jounalis gen dwa filme oubyen fotografye oubyen kouvri nenpòt evennman k ap pase pandan l sou teren an depi li nan enterè popilasyon an. Prensipal misyon yon jounalis, se pèmèt popilasyon an jwi dwa yo genyen pou yo jwenn enfòmasyon. Polisye yo, moun gwo palto yo, e jounalis yo yonn dwe lòt respè sou teren an nan egzèsis fonksyon yo.

Yon Jounalis ki pral kouvri yon evennman dwe idantifyab/identifiable fasilman paske moun pa jounalis nan rad ki sou ou.
Men, yon ajan ki sou teren an k ap mete lòd ka di w pa rantre la, pa pase la menm si w gen badj/badge ou sou; Ou dwe tande l, sepandan ou ka eseye konvenk li tou. Li gen dwa pou l di w pa fè foto l, pa filme l.

Men si se yon bagay ki « *d’utilité publique* » li pa gen okenn dwa entèdi w fè travay ou, li pa gen dwa ni kraze materyèl ou ni frape w paske Dwa pa youn fini kote dwa lòt la kòmanse. Anfennkont, kòm jounalis ou dwe fè tout sa k depann de ou pou w evite w viktim.

*KISA K TA DWE CHANJE POU AMELYORE FASON PRÈS AK MEDYA AP FONKSYONE NAN PEYI A*

Pou Madam BELANGE gen anpil bagay ki merite chanje. Men li te fè rekòmandasyon sa yo.

- Medya yo dwe sitou bay Jounalis yo yon pi bon trètman sètadi yon trètman ki pwopòsyonèl ak metye sa ki chaje risk men ki trè bèl.

- Yon moun ki vle vin Jounalis dwe ale lekòl menm si l konn kèk bagay deja. Yon ansyen Jounalis tou pa dwe ezite fòme tèt li chak jou. Kòd deyontoloji metye a mande sa tou.

Orezime, nou te kontan resevwa Premye Jounalis fanm nan emisyon an jis apre jounen 8 Mas la. Nou te satisfè pou konesans li te pataje ak nou. Li te montre tou jan l kontan pou inisyativ emisyon « *Professions, Ethique et Déontologie* » a ki pral pèmèt anpil Pwofesyonèl vin pi Pwofesyonèl nan pratik metye yo. Nou di l yon kokennchenn mèsi pou patisipasyon l.

*Malherbe JOSEPH*
*Kontab/Jounalis prezantatè*
*Emisyon « Professions/Éthique et Déontologie »*
*Radio Tropikal 101.5*
*Okap*

11/03/2022

Jounalis la dwe ap li “Code déontologie des journalistes” la toutan. Yon Jounalis dwe gen imilite pou l ap update tèt li souvan. Li pa dwe rabi😆.

“L’orgueil tue le pratiquant”

11/03/2022

Jounalis la responsab pwoteje tèt li. Mèt kò Ki veye kò. Il doit avoir son kit de survie dans son sac.

Émission: “Professions, Éthique et Déontologie”

11/03/2022

Jounalis la pa dwe resevwa Kado nan men moun swa pou bay oubyen pa bay yon enfòmasyon.

11/03/2022
06/03/2022

Qualification de l’équipe féminine haïtienne de football pour le 1/4 de final face à la Guyane 2-1 aux éliminatoires du championnat mondial féminin U-20.

*Tropikal-information*
*101.5*

Gwo lapli ki ap tonbe sou vil Gwo Mòn ak tout gran Nò a depi yèswa fè gwo dega selon Jounalis Joseph Chanoine CHARLES. Y...
05/03/2022

Gwo lapli ki ap tonbe sou vil Gwo Mòn ak tout gran Nò a depi yèswa fè gwo dega selon Jounalis Joseph Chanoine CHARLES. Yon pati nan pon ki sou 3 Rivyè a tonbe. Wout nasyonal nimewo 5 lan koupe pou konnya. 11:20 A.M

*Tropikal-Information*
*101.5*

04/03/2022

Selon une note scellée sur la page Facebook de l’UEH (Université d’Etat d’Haiti), le Rectorat de ladite université a découvert qu’un prisonnier fraîchement libéré vient d’être gradué à l’Ecole de Droit et des Sciences Economiques des Gonaïves (EDSEG). Selon cette note, il est de la promotion 2017-2021. Deux de ces quatre années d’études sont passées pendant qu’il était en prison.

Tropikal-information
101.5

Kif-kif
04/03/2022

Kif-kif

Enlèvement ce 3 mars 2022 à la Rue Chavannes à Port-au-Prince du Propriétaire de Radio Caraïbes.*Tropikal-Information*
03/03/2022

Enlèvement ce 3 mars 2022 à la Rue Chavannes à Port-au-Prince du Propriétaire de Radio Caraïbes.

*Tropikal-Information*

03/03/2022

PLAISIR CARNAVALESQUE FATAL

Selon des images non professionnelles circulant sur les réseaux sociaux, un terrible accident s’est produit en plein plaisir carnavalesque dans la commune de Desdunes dans le Département de l’Artibonite dans la matinée du 2 mars 2022. Une seconde d’euphorie transformée la prochaine seconde en tragédie. Si on se penche sur les vidéos circulant sur l’internet, le char qui animait le carnaval a perdu tout contrôle de freinage et s’est précipité a toute vitesse dans la foule, occasionnant plusieurs morts sur le champ. Nous n’avons pas encore le nombre exact de plaisantins qui ont fait subitement le grand voyage en cette circonstance. Des cris de deuil se sont immédiatement retentis dans la foule, d’autres carnavaliers épargnés accouraient les mains sur la tête vers les cadavres allonges par terre. La voix la plus claire qu’on a pu entendre est celle d’un homme probablement celui qui filmait l’avancement de la bande qui scandant « Desdune andey » « Desdunes andey ».

Par ailleurs, cette nouvelle a entrainé beaucoup de commentaires la plupart méchants de la part des internautes. La plupart disent que cette fatalité n’est pas mauvaise vue que le Carnaval n’a pas sa place dans le pays à cause de la situation socio-politique dégradante. Beaucoup de villes du pays célèbrent leur carnaval depuis le début de la période.

2 mars 2022
Tropikal-info

Address


Telephone

+50939420909

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Radio Tropikal Okap posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Radio Tropikal Okap:

Shortcuts

  • Address
  • Telephone
  • Alerts
  • Contact The Business
  • Claim ownership or report listing
  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share