Htime Haitian Média /WhatsApp only +50941236220

29/08/2026

Jodi a Frè Lucson Al chèche plizyè ti moun Bandi Kenskòf yo te kidnape.

Fr Luckson Zòn Pa Fè Moun chapo ba!

28/08/2026

Gwo tansyon Nan vil okap, plizyè moun blese.

Jodi vendredi 28 août 2026 nan lè 3:48 nan apre midi, yon gwo eskonbrit pete nan zòn plas ri 18 la apre yon antèman fin chante nan katedral la, selon moun ki te viv premye aksyon yo fe nou konnen se swit apre yon moun te endispoze nan antèman an, moun yo tap fè dilijans pou kouri avèl lopital e yo te adrese yon chofè moto pou fasilite yo tach la, chofè a te di li pap kapab ebyen se la yon moun ki te ak malad la leve men sou chofè a, dyèl pete.
Plizyè moun blese, gras ak sekirite lamèri yo ka a pa pi grav yo rive mete lapat sou 2 moun genyen ki kouri ak tout blesi sou yo genyen jèn gason ki blese grav ki lopital jistiyen.

27/08/2026
27/08/2026

Rektè tout moun sa yo dèyè Dow wap kandida ??

26/08/2026

Eleksyon ap fèt kanmenm, Eleksyon dwe fèt pou gouvènman tranzisyon sa ale.

Devan Plizyè santèn moun jodi Mèkredi 26 juillet 2026 la nan vil okap, Dr Joram Vixamar te voye yon mesaj klè pou ankouraje Pèp la anrejistre nan rejis elektoral la.
Rektè inivèsite piblik nò okap la deklare fòk eleksyon fèt pou gouvènman tranzisyon sa ale.
Li te profite moman sa tou pou al ranpli dwa sitwayen li ki se anrejistre kòm elektè.

26/08/2026

Nan vil okap Jodi mèkredi 26 dawou 2026 la, Pompye ak yon Bakòp BI rive sove yon machine ki chofe e ki tap pran dife devan mèri okap la.

25/08/2026

Eleksyon dwe fèt nan peyi a, men fòk nou fè bon eleksyon!
Jodi a, madi 25 out 2026, Sekretè d’État Lucien Jura te rankontre ak plizyè otorite nan depatman Nò a, nan kad yon reyinyon ki te vize diskite sou enplikasyon enstitisyon piblik yo nan mete an aplikasyon Dekrè elektoral 2 jen 2026 la.
Prezidan Asosyasyon Majistra yo nan depatman nò a, Rebecaline Ziky Decelmond, te pran lapawòl nan okazyon an. Nan entèvansyon li a, li te adrese dirèkteman ak Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, kote li te mete aksan sou nesesite pou eleksyon yo fèt nan peyi a, men sitou pou yo fèt nan bon kondisyon.

25/08/2026

Èske Eleksyon yo posib pou yo fèt 13 décembre kap vini la??
Repons Ansyen Senatè repiblik la Nenel Cassy.

24/08/2026

Daprè Ansyen Senatè Repiblik la Nenel Cassy , Peyi a divize an 2 kan.
Ansyen Senatè a fè konnen tou apre sekirite ak eleksyon pèp la bezwen manje.

20/08/2026

"Cap-Haitien"
Aprè yon Pati nan Kolej Regina te demoli
Pa otorite lokal yo nan vil okap ,nan lide
Pou ede vil la jwenn yon solisyon ak kesyon
Dlo kap bay problème chak lè lapli fin tonbe.
Finalman Otorite yo rejwenn
Yon kanal ki te pase nan mitan lekol la.

Adresse

Vertiere
Cap-Haïtien

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Htime publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager

Type