Cap Viral News HT

Cap Viral News HT media

Jodi vandredi 11 septanm lan, Walson Sanon enskri nan komin Milot kòm elektè. Men li pa kache l; li gen dout sou fason p...
11/09/2026

Jodi vandredi 11 septanm lan, Walson Sanon enskri nan komin Milot kòm elektè.
Men li pa kache l; li gen dout sou fason pwosesis elektoral la ap dewoule.

Pozisyon l klè; patisipe wi, men ak je louvri.
Li mande plis transparans, respè pou règ yo, ak enterè elektè yo an premye plan.

Dosye enskripsyon elektoral la ap kontinye anba je piblik nan Nò peyi a.

11/09/2026

🚨 MILO | PALÈ SANS-SOUCI ANBA MENAS!

Gwo lapli ak van lakoz plizyè miray tonbe nan sit istorik la. Minis Kilti ak Kominikasyon an, Emmanuel Ménard, te vizite Palè a dimanch 6 septanm lan epi anonse gwo travay pou sekirize ak restore moniman an.

Plis detay nan videyo a.

10/09/2026

Okap manifestasyon; Machann kite viktim nan mache Cluny, kite boule nan lannwit 24 pou louvri 25 janvye 2026 la, toujou san repons nan men gouvèneman an.

Kolektif Popilè Nò (KPN) desann nan lari a jodi a pou defann machann yo, alòske Majistra Michel Saint-Croix lanse operasyon "Libere" ki mande machann yo kite twotwa ak litoral la san bay yo yon lòt kote pou poze.

Machann yo mande responsablite ak yon solisyon konkrè.

09/09/2026

Kap-Ayisyen / Nan emisyon Nouvel-Toupatou sou antèn Radio Oxygène, jodi mèkredi 9 septanm 2026 la, majistra adjwen Kap-Ayisyen an, Me. Vreus Micardo, pran lapawòl pou l bay kèk eklèsisman sou desizyon administrasyon an te pran pou onore sèten moun depi nouvo ekip la rive nan tèt meri a.

Majistra a pwofite eksplike tou nan ki kondisyon yo te jwenn meri a, e li salye kontribisyon plizyè moun ak sektè ki ede administrasyon an rive bout premye 100 jou li yo.

Selon Me. Vreus, omaj sa yo pa gen okenn koneksyon ak politik, se pito yon jès sosyal ak yon fason pou di mèsi.

09/09/2026

OKAP; Ansyen senatè Nò a, Dr. Kelly C. Bastien, nimewo 1 pati politik « Ansanm pou Jistis ak Pwogrè Ayiti », mete jèn yo nan sant aksyon li atravè dezyèm edisyon Inivèsite Ete pati a.

Prèske 200 jèn ki soti nan divès komin nan Nò a te patisipe nan fòmasyon an, kite konsantre sou agrikilti ak pwodiksyon nasyonal.

Ann swiv yon ekstrè nan diskou chèf pati a.

CAP-HAÏTIEN / Le parti politique « Ensemble pour la Justice et le Progrès d'Haïti » a organisé avec succès la deuxième é...
08/09/2026

CAP-HAÏTIEN / Le parti politique « Ensemble pour la Justice et le Progrès d'Haïti » a organisé avec succès la deuxième édition de son Université d'été, qui s'est déroulée du 31 août au 4 septembre 2026 au Complexe Retrouvailles.

Environ 200 jeunes venus de différentes communes du département du Nord ont participé à la formation et reçu leurs certificats. Les activités étaient centrées sur le thème de l'agriculture et de la production nationale, avec pour objectif de sensibiliser les jeunes au rôle que joue l'agriculture dans le développement économique du pays, tout en encourageant le renforcement de la production locale.

Cap Viral News HT ✍️

Joyeux anniversaire, Docteur Astrel Charles Hans Humbold !Que cette nouvelle année de vie vous apporte santé, réussite e...
07/09/2026

Joyeux anniversaire, Docteur Astrel Charles Hans Humbold !

Que cette nouvelle année de vie vous apporte santé, réussite et sagesse. Puisse votre engagement au service de la population continuer à être guidé par le devoir, l’intégrité et l’intérêt général.

Excellente fête à vous, Docteur !🥂🍾

07/09/2026

OKAP. Jodi dimanch 6 septanm 2026 la, reprezantan Pitit Dessalines yo fè konnen pati a pap patisipe nan yon eleksyon ki fèt pou twonpe pèp la, jan gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a vle fè l la.
Se kòdonatè pati a nan depatman Nò a, Weesly Pierre, ki te pote pozisyon sa a devan laprès.

Daprè Kòdonatè a Se yon gouvènman BISEFAL
Pitit Dessalines reklame.

Plis detay nan videyo a.

Nan OKAP, dimanch 6 septanm 2026 la, Pitit Desalin fè konnen li pap patisipe nan yon eleksyon ki fèt pou twonpe pèp la, ...
06/09/2026

Nan OKAP, dimanch 6 septanm 2026 la, Pitit Desalin fè konnen li pap patisipe nan yon eleksyon ki fèt pou twonpe pèp la, jan gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a vle fè l la.
Se kòdonatè pati a nan depatman Nò a, Weesly Pierre, ki te pote pozisyon sa a devan laprès.

Pou Pitit Desalin, kondisyon yo poko reyini pou kalite eleksyon sa yo fèt. Pati a ap mande pito yon lòt tranzisyon bisefal pou byen prepare tèren an anvan nenpòt eleksyon, epi lap egzije, anvan tout bagay, garanti sekirite sou tout teritwa nasyonal la.

Deklarasyon sa a vin ogmante tansyon ki deja egziste ant fòs politik yo sou kesyon tranzisyon an ak kalandriye elektoral la, nan yon moman kote sitiyasyon sekiritè peyi a rete yon gwo enkyetid pou tout sektè.

Cap Viral News HT ✍️

Adresse

Rue Saint Philomène
Cap-Haïtien
1113

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Cap Viral News HT publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager