TNP 509 Tech

TNP 509 Tech Multimédia

01/09/2026

Vizit Basen Manbo nan Bwadlans

Moun   kisa nap di?Otorite yo nou pouko chanje lide?Neg ki kandida yo kisa nap di pou lakay? Òganizasyon sa yo sa nap fè...
01/09/2026

Moun kisa nap di?
Otorite yo nou pouko chanje lide?
Neg ki kandida yo kisa nap di pou lakay?
Òganizasyon sa yo sa nap fè?

Pou mwen menm yo sipoze fè sak rele Gabyon an nan rivye   lan pou plizye rezon:    -Pwoteje rivyè a kont ewozyon, pou dl...
31/07/2026

Pou mwen menm yo sipoze fè sak rele Gabyon an nan rivye lan pou plizye rezon:
-Pwoteje rivyè a kont ewozyon, pou dlo pa manje tè a.
-Pwoteje wout la oswa tè ki toupre a, pou li pa kraze lè gen gwo lapli oswa inondasyon.
-Ranfòse rebò rivyè a, pou kenbe pant lan estab.
- Diminye fòs dlo a, paske dlo pase nan espas ki genyen ant wòch yo san li pa rache estrikti a.
-Pou fondè ak lajè kanal sa yo yap fè nan wout la yo pap ka sipòte dlo a lèl vini li pral kontinye gaye nan wout la lè konsa dlo a pral manje tout tè a paske enfomasyon yo fè kwe se an tè bati yap fèl.
Nb: foto sa pa gen oken rapò ak Bwadlans.
✍️ Nel Mèdia

🚦 KI JAN POU SIKILE SOU NOUVO WOUT  LA Idantifikasyon bò wout yo➡️ Lè w ap soti nan pon pou antre nan vil Okap, ou dwe t...
27/07/2026

🚦 KI JAN POU SIKILE SOU NOUVO WOUT LA
Idantifikasyon bò wout yo

➡️ Lè w ap soti nan pon pou antre nan vil Okap, ou dwe toujou rete sou bò dwat ou.
⬅️ Lè w ap soti nan vil Okap pou vini nan pon, ou dwe toujou rete sou bò dwat ou tou.
🟡 Liy jòn ki nan mitan an se limit ki separe de direksyon yo. Chofè yo pa dwe travèse liy sa a san nesesite epi yo dwe respekte tout siy ak règ sikilasyon yo.
Nouvo wout sa a fèt ak 2 liy pou antre ak 2 liy pou soti, sa ki pèmèt trafik la sikile pi byen epi diminye risk aksidan yo. Pou sekirite tout moun:
✅ Rete sou liy ki koresponn ak direksyon w ap pran an.
✅ Pa roule anfas lòt machin yo.
✅ Pa estasyone sou liy sikilasyon yo.
✅ Respekte limit vitès la.
✅ Bay pyeton yo priyorite kote sa nesesè.
✅ Sèvi ak siyal (klignotant) lè w ap chanje liy oswa vire.
👮 Wòl Lapolis ak Responsab Sikilasyon yo
Lapolis ak ajan sikilasyon yo la pou:
* Fè respekte règ sikilasyon yo;
* Pwoteje lavi itilizatè wout yo;
* Evite anbouteyaj ak aksidan;
* Sansibilize chofè, motosiklis ak pyeton yo sou bon jan konpòtman sou wout la.
🤝 Sekirite sou wout la se responsablite tout moun. Lè nou respekte liy yo ak direksyon yo, nou pwoteje lavi pa nou ak lavi lòt moun.

“Respekte liy ou, respekte lavi.” 🚦🇭🇹
✍️ Nel Mèdia

Bonne fête Saint Anne
25/07/2026

Bonne fête Saint Anne

24/07/2026

nouvo konsèy minisipal Limonad la instale Jodia Jedi 23 Jiyè 2026 nan prezans Vis Delege arondisman Okap la M. Rulz Angrand
Nap raplew konsey la fome konsa:
Batuel Bertrand Prezidan
Anite Polycar Manb
Maxon Pierre Manb.

Instalasyon nouvo katèl Majistra limonad la Demen Jedi 23 Jiyè 2026 A 10h Am nan espas « Tribunal de paix»   Nap raplew ...
23/07/2026

Instalasyon nouvo katèl Majistra limonad la
Demen Jedi 23 Jiyè 2026
A 10h Am nan espas « Tribunal de paix»
Nap raplew ranplasan yo :
Batuel Bertrand Président
Anite Polycar manb
Maxon Pierre manb

Komansman travay kanalizasyon an nan wout   lan ( zone Buclair) Kisa nou panse de travay sa kap fèt la?
21/07/2026

Komansman travay kanalizasyon an nan wout lan ( zone Buclair)
Kisa nou panse de travay sa kap fèt la?

19/06/2026

😂 bagay yo melanje nan men nou

14/06/2026

Adresse

Cap-Haïtien

Téléphone

+50935853018

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque TNP 509 Tech publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager