kisaw ta dwe konnen

kisaw ta dwe konnen actualités, Sociales, Éducation

11/09/2025

Ayiti pa bon menm non sa m ap swiv la m paka viv li menm

11/09/2025

Universitaire sifi pou Chanje Peyi sa, paske se la Dyalektik chita, se la tou ou taka jwennn tout pi bon refleksyon, melanje avek moun ki ap entegre nan rezolisyon an

Nou vinn gen yon Jenès Baba, sak ki konpetan yo pè angaje yo, sa ki gen konpetans ki vle angaje yo mache ak lespri kowipsyon an nan tèt yo!

🔰🖊️Moun ki ap bay ti kout men ki sanble bon yo, yo fè w konsidere l kòm bèt nwa

Swa moun ki taka ede a tou gen yon kote bon, gen yon sal swa l ap proteje klan l

Si w bezwen fè yon lidè serye se depi lakay ou ou dwe garanti sa, menmsi fanmi w ka mete w deyò pou pawòl byennèt ou paske sa yo vle fè a ou vle anpeche l

11/09/2025

Chak tan nou rann kont gen yon mouvman Deklanche ki bon pou Ayiti. Gen yon monetizasyon lespri a yon moun ki wè l yon Lot fason pou kraze mouvman, Minel komanse yon batay kont Boujwa ki enpòte yon seri materyèl ki ap fè 600%, 700% sou yo. Men Twapalman ap defèt sa! Daprè ou menm kiyès kigen rezon?

Kesyon, se Boujwa ki jere Dwàn Ayiti, pou rezon machandiz yon menm yo enpòte li vann 600% pa rapò kote yo achte l la ki ba prix. Daprè Minel Gen rezon oubyen Twapalman ki ap defann mouvman kont pri boujwa ke Minel ap fe konparezon yo!

11/09/2025

Kout p*k pou maten an
🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰
Mouvman nan peyi Nepal la, Nasyon an di aklè depi w paka dirije mete kòw sou kote, Kowipsyon p ap layite kòl la, tout moun ap pran Baton, Minis Finans tonbe nan Ravin Dlo, kay premye Minis boule, palman pase anba Flanm dife, yo pa nan bere Chat mawon, Nou menm pa isit, kowipsyon ap trangle Gòj nou, nou paka fe yon mouvman solidè, depi kòb la tonbe nan men kek Jounalis mouvman Kraze, depi mil goud la jwenn Geto a mouvman kraze, pa mande si w Ti Youry, Pa Anmègdel, M t ap bliye Moïse Jean Charles nan trêt mouvman CPT sa

🤌🏽🖊️Si w kwè Manti Mande al gade pou Chak tan Ti Youry ap pase bouch Atè nan fè sèman aprè ou jwenn sanwont nan chèche manje

🤌🏽🖊️si w kwè mandi pouki Chak Pouvwa Nèg Anmègdel toujou di w se pouvwa l?

🤌🏽🖊️Si w Kwè manti pouki Minel ap atake denonse Boujwa k ap kase kou moun Ayiti malgre se yo ki jere Dwàn yo tout sa yo ap vannn 10 plus chè kote yo achte la, Jodia yo gen Twapalman ki konbat pou kraze sa, menmsi Minel la pat fin korèk avan

Moïse Jean Charles mouvman trèt li yo, depi sou Jovenel montre w li pa ede peyi se afè l li pa jere pèsonèl

🔰🖊️Yon mouvman tankou Peyi Nepal t ap mete kè Sote nan Gouvènman pou jere peyi a pi byen🔰🖊️

10/09/2025

3èm kout p*k pou maten an
🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰
😃😃😃😃😃😃😃😃😃😃😃😃
Nasyon an pa konn sa yo vle nan dosye Janmsotba, li di l Milyonè neg yo di se blof, men konya li di l pa milyonè vre se manti li t ap bay sou tet li, yo pa kwè pirèd yo di l gen bagay nan men l

10/09/2025

Dezyèm kout p*k pou maten an
🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰
Ayiti gen 3 gwoup ki plen pouvwa nan men yo, 3 pouvwa lisifè, 3 pouvwa mechanste, 3 pouvwa ki plen kowipsyon. CPT, Gang, Bonjwa elit la

🔰✅Si w kwè se manti al gade Rezilta CPT depi 1 ane edmi kisa yo remèt apa de kowipsyon ak movè Jesyon. Si w kwè se manti eske ou wè Bandi bare zye yo anko pou lapolis pa rekonèt yo, si w kwè se Al gade Nèg Boujwa sa yo ki ap enpote tout machandiz nan peyi se yon ki Jere dwàn al gade ou menm kom malere eske ou ka vinn vann anyen nan peyi a.

10/09/2025

Kout p*k pou maten an
🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰🔰
😄😄😄😄😄😄😄😄😄😄😄
Yeswa Menm ipokrit Rele Viv Nazon nan Triple de Glwa sa l fè yèswa, avèk yon defans pyèt ki fè nou pa rale yon souf ak 4 pwen nan dezyèm plas maten an.

4èm fwa Istorik 3+ pou Nazon, Nicaragua tren an sou wout la

09/09/2025
05/09/2025

Kite pawol mache jwenn volè yo

N ap poste pou yo
05/09/2025

N ap poste pou yo

05/09/2025

Pou la mèri nan yon peyi tande konbyen kob direktè dwàn okap la mande pou li

Adresse

Centre Ville
Cap-Haïtien

Téléphone

+50933750647

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque kisaw ta dwe konnen publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à kisaw ta dwe konnen:

Partager