30/10/2022
M'ANVI😍😍😍
Chak fwa-m' leve, mwen remèsye God la paske-m' anvi
God la renmen-m' e-l' beni-m' anpil, sa se san manti
Pou sa li fè pou wou tou, pa bliye di-l' mèsi paske-w' anvi
Mwen louwe Kris la paske m'anvi
Jalou you jis panse ke mwen "crazy"
M'anvi wè jalou yo k'ap eseye mete yo nan po-m'
Pa pou ipokrizi men, mwen vle yo pran yon plas nan vi-m'
Gen jalou ki jis anvizaje moun mwen ye a, donk yo anvi-m'
Gen zanmi k'ap lèse-m', gen lèdmi ki anvi antre nan vi-m'
Pa panse-m' chanje, non, nan men-m' yo pa wè “paume"
Anfèt, mwen chanje wi, men se tou piti
Paske mwen te piti, konya mwen vin grandi
M'anvi wè Ayiti vin yon gran peyi
Pou-l' sispann depann de Etazini
M'anvi wè nwa melanje ak blan pou bay gri
M'anvi fè fyète tout zanmi-m' anvan-m' pati
M'anvi tèlman fè bagay, yo gen pou di tèt mwen pati
Men, li p'ap pran ni kanntè ni avyon, l'ap rete Ayiti
M'anvi nou remete bwa nan tout krèt mòn chankre yo!
W'ap retire bwa nan tou yo, poutan w'anvi manje fwi yo
M'anvi wè nèg tibwa k'ap antre alèz anndan gran ravin
M'anvi kwè ke malgre bwa a ap mouri, anba-l' gen bon rasin
M'anvi wè paran yo sispann bay timoun yo egzanp koupe
Men pito, aprann yo fouye tou pou mete bwa kanpe
Sa anlè yo ap toupizi pi piti, w'ap wè gwo bwa yo nan tout ti tou
Lè yo fin s***e tout ti tou yo, pi piti yo vle vin gran tou
Malgre m'anvi sa yo anpil, mwen santi-m' ka mouri ak tout anvi-m'
Gen moun ki pral vle fè-m' moral olye yo ta ede-m' satisfè dezi-m'
Mwen p'ap esplike pouki m'anvi sa yo men, si-w' vle ede-m' ou byenvini
Anvi-m yo vini, y'ap viv nan mwen, e yo p'ap disparèt tout tan m'anvi
M'anvi baw yon ti konsèy: "pwofite jwi lavi-w' "
Ou gen yon sèl vi, sispann trakase-w' e apresye ke-w' anvi
Men pa refoule dezi-w', goumen pou-w' satisfè anvi-w'
Mwen m'ap pwofite viv vi-m' pandan ke m'anvi
Ki mele-m' menmsi-w' fè konmsi-w' pa wè lè m'anvi?
Si-w' pa ede-m' satisfè anvi-m', m'ap mouri pou sa?
Si-w' deside kite-m' anvi, m'ap tou pwofite di-w' mèsi...
Mwen te byen anvi viv plis ke Metuschela.😂😂😂
Lèm prale, metem nan tou bwa anlè 💪pou di m toujou anvi
Gen ki pral egri pou yo wè y'ap respire men yo san vi
Pandan m prale bwa-m' byen di pou dim toujou anvi
Pafwa-m' gade tèt mwen nan glas epim mande-l' :"ou anvi?"
Jalou yo panse ke lavi a akeyim sou gran ri
Poutan, sousi lavi konn menm fèm bliye si-m' anvi