31/07/2025
: S**O ERZULIE BORAN NAN LABADI – ANT SAKRE, SENKRETIS AK ERITAJ ESPIRITYÈL.
S**o Erzulie Boran nan Labadi: Yon Jewèl Espirityèl ki Rale rasin Lavi ak Lafwa.
Nan mitan bèl montay ak bèl plaj ki kouvri vilaj Labadi, gen yon espas ki pa jis senpman jeyografik, men ki pote yon chaj mistik, espirityèl, ak kiltirèl. Yo rele l S**O ERZULIE BORAN. Pou moun Labadi, se pa sèlman yon sous dlo, se pa sèlman yon kote yo fè rityèl; li se yon tanp vivan kote relijyon, tradisyon, ak espwa kontinye boujonnen anba lonbraj gwo pyebwa pou chante anba gwo kout tanbou.
S**o sa a konsakre a Erzulie Boran, youn nan lwa ki pi senp, ki pi imajinab, men ki tou gen yon aspè misterye e pwisan. Erzulie Boran, kontrèman ak Erzulie Freda, se pa imaj fanm dous ak flè roz sèlman – li se manman k ap soufri, li se fanm ki ap defann pitit li, li se fòs lanmou k ap konbat enjistis ak tray.
YON KOTE SAKRE NAN FON MÒN LABADI
S**o Erzulie Boran nan Labadi se pa jis yon espas pou devosyon pèsonèl. Li sèvi kòm tanp kote pèleren vini chak ane pou chèche gerizon, delivrans, konsèy oswa rekonfò. Gen moun ki soti lwen, pa sèlman nan Nò peyi a, men menm lòt zòn tankou Gonayiv, Latibonit, ak Jakmèl, pou vin ranpli angajman yo ak Lwa a.
Rityèl yo fèt sou do laperèz, konfyans ak respè. Dlo s**o a konsidere kòm sakre, li benyen kò epi li netwaye lespri. Yo limen bouji, mete flè, ofri manje, e chante pou Erzulie Boran. Fanm, gason, granmoun, jèn – tout mete tèt ansanm pou leve vwa yo nan rit ak tanbou, envite prezans sakre a vin beni yo.
PARALÈL AK LOT S**O ERZULIE NAN PEYI A
Labadi pa sèl kote ki gen s**o dedye a Erzulie Boran. Pi popilè a se S**o (Saut-d’Eau) nan Depatman Sant la, kote chak 16 jiyè, dè milye moun rasanble pou onore Erzulie Dantò, ki souvan senkretize ak Vyèj Mirak (Notre-Dame du Mont-Carmel).
Gen lòt espas sakre tou tankou S**o Bois Pin nan Sid, oswa S**o Dantò nan Latibonit. Chak nan yo gen istwa pa yo, men tout chita sou menm rasin: onore lanmou, pwoteksyon, ak lafwa.
Sepandan, s**o Labadi a pote yon sans kominotè pi entim, li pa kontaminé ak twòp komès oswa aspè touristik. Li rete pwòch ak rasin pèp la, pi natif natal, pi sen.
SENKRETIS AK LEGLIZ KATOLIK
Youn nan pi gwo richès kiltirèl Vodou se kapasite li genyen pou l mete tèt ansanm ak lòt kwayans, san li pa pèdi esans li. Se sa ki rele senkretis relijye. Nan ka Erzulie Boran, li souvan senkretize ak Vyèj Doulè (Notre-Dame des Douleurs & Notre-Dame du Mont Carmel) nan legliz Katolik la. Toude reprezante fanm ki soufri, manman ki pran kè sere pou pitit, men ki pa janm sispann kwè, pa janm sispann pwoteje.
Nan anpil ka, moun ki al nan s**o a, se menm moun sa yo ki al legliz Dimanch. Yo pote bouji, mete flè pou Vyèj la, men se ak Erzulie yo pale. Yo pa wè kontradiksyon nan sa. Yo viv de relijyon ansanm, e se nan senfoni sa a kilti ayisyen an jwenn tout bèl son li yo.
Erzulie Boran jodi a: Ant Ranje Tradisyon ak Mouvman Rekonesans
Nan epòk kote anpil jèn ap dekonèkte ak rasin yo, S**o Erzulie Boran nan Labadi ka sèvi kòm pwen referans pou refè lyen ak eritaj espirityèl nou. Li se pa sèlman yon espas relijye, men li kapab tounen yon sant memwa kolektif, kote istwa, kilti, ak lafwa ap kontinye chita sou poto mitan.
Gen mouvman k ap fèt pou mete valè sou patrimwàn sa yo, ki souvan neglije pa politik piblik oswa pè pou yo pa konfonn ak “satanis”. Men, verite a se ke S**o Erzulie Boran se yon fòm rezistans sakre, kote pèp la kontinye viv, kwè, e bati demen li, malgre difikilte.
S**o Erzulie Boran nan Labadi pa senpleman yon sèn rityèl; li se yon tè ki makonnen ak kè pèp la, yon espas kote dlo a pa sèlman rafrechi kò a, men li lave doulè, li ranfòse espwa. Pandan n ap kontinye chèche devlopman ak chanjman, se enpòtan pou nou pa bliye kote nou sòti, ni sa ki sakre pou kominote nou yo. Erzulie Boran ap toujou la, kòm manman lanmou, manman doulè, e manman kouraj.
📷&📝 : Redaksyon Ovation FM