04/02/2026
Nan Kad 3e edisyon festival literè a, ekip Ripie Production an te reyalize yon atelye penti nan Sant Lekti ak Animasyon Kiltirèl nan Komin Okoto, madi ki te 27 janvye 2026 la.
Atelye sila ki te anime pa Atis Pent Jean Dieubon Pierre, te yon okazyon pou jèn yo eksprime lide yo atravè penti. Yon okazyon tou pou yo devlope espri kreyatif yo. Se te yon moman rich an aprantisaj. Patisipan yo pat kache lakontantman yo.
Nap presize ekip Ripie Production an òganize 3e edisyon festival OKAY AP LI a an patenarya ak DNL. Yon edisyon ki konsakre ak René Depestre.