27/11/2025
🚨Pasteur Boss Benn mande ak tout kretyen legliz piga yo achte mayo seleksyon nasyonal Ayiti a, paske li gen vèvè sou li. 🙆♀️🇭🇹🇭🇹😱😱😱
Mayo Seleksyon Nasyonal nou an dwe rete net. Li pa dwe ni gen vèvè sou li. Li pa dwe ni gen kwa sou li.
Li kapab gen palmis ki se anblèm nou tout. Li kapab gen nenpòt lòt imaj ki lye nou, men zafè vodou a pa dwe ladann menm, paske li se fwa yon gwoup moun men li pa chwa tout ayisyen 👌
Lèw se lidè, ou dwe respekte chwa chak grenn moun. Pa dwe gen pyès kretyen ki dwe santi yo pi moun ke yon vodwizan avèk yon desizyon ou pran e pa dwe gen pyès vodwizan ki dwe santi yo pi enpòtan pase vèvè a sou mayo a.
menm jan mpap di se chaplè ki sou mayo Seleksyon Nasyonal nou an, se konsa tou, mwen pap met pyès mayo ki gen vèvè sou li, se pa fwa pa m, mpa kwè ladann men mwen respekte chak moun ki kwè ladann👌
Koze vèvè sou mayo sa, vi n divize n e mwens moun ap achte l.
Responsab yo souple, retire vèvè a sou mayo Seleksyon Nasyonal la pou nou souple, pou tout ayisyen ka santi yo gen menm dwa lè nap pale de Seleksyon Nasyonal nou an.
Aprann rete net pou tout moun kapab santi yo egal ak desizyon ou pran.
FHF - Fédération Haïtienne De Football dwe prese vit reyaji sou sa.🇭🇹🇭🇹👈🏾🇭🇹🇭🇹
Kisaw panse? Èske se yon bon bagay pastè a di? Kisa ki vèvè ?
Tour du monde