22/06/2025
“Ann bay Papa yo Valè yo merite”
Souvan, lè nou pale de lanmou, sakrifis, ak devouman,nou panse a manman an premye. Se vre, manman se kè, men papa se zepòl.
Zepòl ki kenbe chay nou pa ka wè, chay li pote an silans.
Zepòl ki kenbe tout yon kay, men nou pa janm tande rèl li.
Nou bliye souvan pale de yo.
Papa ki leve bonè chak jou, ki fè silans sou doulè pa l, pou l mete manje sou tab la.
Papa ki pa kriye an piblik, men k'ap toufe nan kè l chak fwa li santi li pa ase pou timoun li yo.
Fòk ou konnen Papa se pa sèlman moun ki peye lekòl, mete manje sou tab.
Papa, se limyè ki pa klere sou tèt li,men kap mete limyè sou chemen timoun li yo.
Li se fòs ki pa pale, men ki toujou la lè timoun li yo bezwen li.
Papa,se poto mitan an
Gen anpil timoun ki grandi san papa, gen anpil papa ki toujou la men nou pa janm remèsye yo.
Yo pa mande rekonpans, yo pa mande meday.
Yo sèlman fè sa yo kapab, ak sa yo genyen.
Papa se pa sèlman moun ki mete ou sou tè a.
Se gid ou, se modèl ou, se rad solid la lè lavi vin frèt ou kapab vinn kouvri anba l.
Li aprann ou disiplin, li aprann ou kenbe tèt ou dwat menm lè w ta vle tonbe.
Papa se moun ki aprann ou pa kite tèt ou kraze menm lè lavi a di.
Li pa pale anpil, men chak aksyon li plen lanmou.
Lè w panse ou pa kapab ankò…
Se pawòl li ki sonnen nan tèt ou pou l di w: “Pa lage, pitit mwen"
Li pa toujou gen mo dous, men li toujou gen aksyon ki pale pi fò pase mo yo.
Papa se premye ewo anpil timoun, e se premye egzanp sou kijan pou yo viv ak diyite.
Jodi a, ann mete limyè sou yo.
Sou tout papa ki la, ki pa janm lage, ki toujou kenbe rèd menm lè li fatige.
Sou tout papa ki renmen san bri, ki kore san pale, ki mache dèyè pou timoun yo ka mache devan nan fyète ak diyite.
Gen moun ki panse papa se sèlman “moun ki peye bèl bagay.”
Men, papa se plis pase sa.
Papa se premye gadyen.
Li se moun ki tcheke si pòt byen fèmen chak swa, menm si li menm li pap dòmi.
Timoun ki gen papa ki la, ki vrèman la…
Gen yon avantaj lavi pa janm ka achte.
Yon sekirite ki pa bezwen kle.
Yon fòs ki ba ou kouraj pou yo leve tèt yo, chak fwa yo tonbe.
Lè nou pa wè yo, se paske yo okipe ap bati fondasyon lavi nou.
Lè yo pa di anyen, se paske yo deja di ase nan aksyon yo.
Se pou sa, nou dwe honore papa yo.
Non, pa sèlman jou fèt yo…
Men chak fwa nou sonje tout sa yo fè pou nou.
Chak fwa nou briye nan sosyete a se deja yon onè pou yo.
Pale ak papa ou. Di l “mèsi.” Di l “mwen wè ou.” Di l “mwen renmen ou.”
Paske pafwa, tout sa yon papa bezwen…
Se konnen li pap viv pou granmesi.
Papa, nou pap janm sispann bezwen w
Nou renmen ou. Nou respekte ou.
E jodi a, nou mete limyè sou tout bèl bagay ou pote.
Lanmou papa pou fanmi li,se lanmou ki pa fè bri.
Se lanmou ki pa bezwen pale fò pou fè yo tande li
Se lanmou ki parèt nan silans li chak maten, lè li leve anvan solèy pou l al chèche lavi.
Se lanmou ki kenbe l la, menm lè tout kò'l fatige, men li pa vle manke timoun li yo anyen.
Lanmou papa se pa lanmou ki chita sou mo…
Men sou aksyon.
Sou responsablite.
Sou sakrifis.
Se lanmou ki ka pa voye mesaj chak jou, men k’ap tann ou ak pasyans,
k’ap sipòte ou menm lè ou pa reyalize jan li la pou ou.
Papa renmen fanmi l tankou yon pyebwa ki fè lonbraj,
men ki pa janm mande rekonesans pou rasin.
Li panse pou tout moun anvan li panse pou tèt li.
Li bay plis pase sa li genyen,
epi li kontinye batay, jis pou fanmi l ka viv miyò.
Lanmou papa se fondasyon.
Se poto mitan.
Se limyè k ap gide nou menmsi li pa klere sou tèt li.
E lanmou sa a merite pi plis pase silans.
Li merite rekonpans.
Li merite rekonesans.
Li merite lanmou
Onore papa, se rekonèt limyè ki pa klere pou tèt li, men ki liminen chemen timoun yo
Se pa tout papa ki pafè, men gen anpil ki fidèl.
Ki kenbe tèt yo wo menm lè lavi mete yo ajenou.
Ki mete fanmi yo an premye, san reklame meday, san chache lwanj.
Nou onore papa lè nou rekonèt sakrifis li yo,
Lè nou pa pran prezans li pou youn obligasyon.
Lè nou di “mèsi” pou ti bagay li fè chak jou –
men ki gen gwo valè pou lavi nou.
Onore papa, se pa tann li mouri pou nou fè bèl diskou sou li.
Se di l jodi a: “Papa, mwen wè ou. Papa, mwen apresye ou. Papa, ou konte pou mwen.”
Se pa kesyon si li gen lajan oswa si li bay tout sa nou vle.
Men èske li la?
Èske li batay pou nou?
Èske li toujou eseye, menm lè sa difisil?
Si repons lan se wi…
Li merite onè.
Li merite lanmou.
Li merite respè.
Paske papa, se pa sèlman yon wòl…
Se yon misyon.
Se yon pouvwa.
E chak papa ki kenbe misyon sa ak kè l…
Se yon ewo nou pa dwe janm bliye.
Jodi a,san ezitasyon. Nou leve vwa nou:
Papa,pou nou onore w.
Nou renmen w.
Selebre fèt ou.
Jwaye fèt Papa ,nou wè ou, nou apresye ou, nou renmen ou.
Se pa jodi a sèlman, men pi plis chak jou.
Yon tèks: Scheinither Marcelus
Aranjman: Djekinglov Cossy