N ap Bouske

N ap Bouske Yon platfòm k ap mete limyè sou kreyativite, kilti ak talan ayisyen. Misyon an se enspire, enfòme ak ede jèn devlope tèt yo.
📞(+509) 31808473

M'poze plim mwen sou fèy poum' brake lapawòl

17/09/2025

Fanm okap sanble pa jwe ak Koke yo non!
Mezanmi! 😄😄

17/09/2025

Vrè selibatè a, lè li chita w ap wè l vin pi wo.

Pa gen manti nan sa!

N ap Bouske

Se mizè n ap pase anba yo wi!🤧
17/09/2025

Se mizè n ap pase anba yo wi!🤧

Ti Will (Wilford Ferdinand), ansyen leader Fwon Rezistans ki te pran zam kont gouvènman Aristide la nan lane 2004 pèdi l...
16/09/2025

Ti Will (Wilford Ferdinand), ansyen leader Fwon Rezistans ki te pran zam kont gouvènman Aristide la nan lane 2004 pèdi lavi l ansanm ak yon lòt moun ki te akonpanye l nan moman yo krible machin li anba ba l jodi madi 16 septanm nan. Yon nouvèl ki mete Gonayiv tèt anba, sitou nan zòn raboto, kote katouch pa sispann chante ak kawoutchou k ap boule plizyè kote.

N ap Bouske

16/09/2025

Ki jazz ki te fè mizik ki gen pati ki chante konsa?

"Pi wo, pi gwo, pi apetisan ............."

16/09/2025

Ou di w selibatè, 2h nan maten ou konekte. Ak kiyès w ap pale lè konsa?🤔

15/09/2025

Rezon ki fè limenna yo plis renmen lepè deyò a: Se paske yo konnen detan pou yo vin lèd, lepè a ap gentan mouri!

15/09/2025

Ou wè pandan ou konekte ap byen relax ou la, moun an konekte yon lòt bò l ap sèmante bay yon lòt li selibatè!

Kwè m si w vle!

15/09/2025

Lè w dwe nan vwazinaj ou, ou pa kwit manje ki mande fri lwil. Se mete pen bouyi ak ti bout pwawo epi simen ti gout lwil ladan l.

14/09/2025

Nan peyi m, depi yon fanm gen po klè, tout moun panse afè l bon. Menm pwoblèm lajan yo panse l pa ka genyen!😏

14/09/2025

Bonjou selibatè sanwont parèy mwen yo!
Bonjou moun kout yo!
Bonjou moun ki long tankou jiraf yo!
Bonjou moun ki bay lavi ak machann manje kwit yo!
Bonjou fanm pa lajan, Bonjou mawozo pa gen tan pou brize kè!
Bonjou moun fou ak tèt tou dwat yo!
Bonjou bon pawòl pa jwenn bon zòrèy!
Bonjou manfouben viv plis tan!

Bonjou Ayiti, Bonjou Lemond!

14/09/2025

M poko janm gen chans fè yon relasyon kote fanm ap bay gason lajan, se toujou nan relasyon pa moun m ap wè sa!😔

Adresse

Ville De Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque N ap Bouske publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à N ap Bouske:

Partager