NiC News info Cayes

NiC News info Cayes Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de NiC News info Cayes, Société de médias/d’actualités, Toussaint louverture, Cayes Jacmel.

19/03/2023

Nou mande pou pèp Okay avèk ïl avach fè trè atansyon paske gen fo lidè ki bezwen vinn Depite pou yo al pote valiz nan palman

31/01/2023
06/09/2022

Lèt tou louvri Jackson AMILCAR yon jèn Etidyan Ayisyen ki nan Peyi LARISI voye bay Minis Nesmy MANIGAT, Minis Edikasyon ak fòmasyon pwofesyonèl Ayisyen an

RISI, JEDI PREMYE SEPTANB 2022

Chè Minis,

Kijanw ye nan site Papa Desalin lan ?
Mwen menm , mwen kontinye ap bouste rèv mwen Kay POUTINE nan espwa yon lavi miyò lèm te wè leta lakay te fin antere rèv mwen. Mwen te goumen paranm vann tout sa yo te genyen ,deantere zosman rèv la pou yo te voye m al etidye nan Peyi lòt bò dlo apre nou te fin pouse dom.
Minis, jodi a se ak anpil dlo nan je map ekriw lèt sa a ! Jounen Jedi premye SEPTANB 2022 a ki se debi Weekend pou gwo zouzoun nan leta pa bò lakay paske depil fè midi tout biwo fèmen, 0 sèvis.Se nan dat sa a tou Minis MANIGAT , map anonsew tout pòt lekòl Larisi louvri jodia .
Minis jodia yon lòt fwa ankò anba ma drapo Ayisyen an mwen krye tankou yon ti bb nan lakou POUTINE lan, padan responsab inivesite m yo te chwazi m poum te reprezante Peyim Ayiti nan seremoni ouvèti lekòl la.
Pandan seremoni an Minis map gade kijan gen yon lajwa ki debòde nan kè tout paran , etidyan, pwofesè ak manb dekana yo...
Mwen vit raplem pòt lekòl lakay pam fèmen pou oktòb san Ezite dlo ponpe nan jem, e menm oktòb la pa asire paske tout paran yo pèdi espwa e yo pap travay, yo pa menm ka manje vwa pou yo ta peye lekòl.

Chè Minis,
Mwen li yon kominike kote ou ranvwaye ouvèti lekòl la Pou 3 oktòb .
Minis èske pwoblèm Edikasyon Ayiti a se nan chanje dat ouvè lekòl an septanb oubyen oktòb li ye?
Minis Manigat ki preparasyon Ministè Edikasyon lakay fè pou sibvansyone paran yo ki kache nan prizon lakay yo ki pa ka regle aktivite yo e ki pap travay ?
Minis MANIGAT èskew okouran Menm siw ta louvri lekòl la mwa me 2032 pitit Joslin , Djekila, Asefi, Timafi, madan odanèt, Evlin , timoun Tijan poum site sa yo sèlman pap janm prè?
Minis èske se tout bon vre nou vle koupe zafè pitit sòyèt pa dwe al lekòl la?

Èske se tout bon vre Minis MANIGAT pitit malere ak malerèz pa dwe konn li ak ekri nan Peyi sa a?
Minis Nesmy Manigat pandan premye pasaj ou nan Ministè a ou kraze lekòl, ou retire reto ofisyèl Pou biznis lekòl tèt chat yo ka byen mache tout lekòl rive gen klas filo, ki jou wap sispann masak sa a?
Minis Nesmy MANIGAT ki Jou nap retire Dwa Edikasyon Ayiti nan men Legliz ?
Minis Manigat ou pa okouran Timoun 7 èm ane mè Maryan bezwen plis pase 20.000 pyas pou liv san konte kòb lekòl la sak pi tris se Kay mè a pou paran yo achte liv yo?
Minis Nesmy Manigat menm Foug ou gen pouw elimine zafè pitit sòyèt pral lekòl sa a , poukiw pa itilizel pouw di lekòl kongreganis yo otan Abraham di sètase sispann Krim sa a nan Peyi a?
Minis Manigat pa dim ou pa tande yon chòsèt Kay mè yo se 1000 goud non?

Minis Manigat,
Èske pòt lekòl nou fèmen pou malere yo, pandan se tan pitit gwo zouzoun yo pral lekòl chak Jou depi 2 Out , èske se prizon nap prepare poun met pitit sòyèt yo ki ap kole pyese pou mare Ren yo pou yal karese rèv yo ?

Minis Nesmy MANIGAT ou ka di pèp la ki plan ou genyen pouw fin kraze lekòl an Ayiti e kiyes ki dèyè Krim sa yo?

Minis kijanw santiw lè pitit paw al lekòl depi Out epi ou se chèf Edikasyon nan yon Peyi ou fèmen pòt lekòl?

Minis ki kote paran yo pral jwenn kòb pou peye lekòl tèt nèg sa yo?
Minis , ou mande pou Edikasyon Ayiti fèt an kreyòl, ou te fè refòm lan deja? ki kote ou te kache pouw ansenye pwofesè sa yo ki pral fè kou yo an kreyòl la? Minis Manigat ak Konsyans ou, ou santi ou nan plas ou, kote yo mete w nan Edikasyon an?

Mezanmi nou vwayaje nou wè kote yo fè Peyi, pouki nou pa vle rekontwi Ayiti. Ayiti manman nou ki bezwen respire oksijèn diyite pou lawont pa toufel.

Minis Manigat,

Ou menm ak Ekip ou, an nou pran konsyans pou Mal nap fè Ayiti a paske li gen poul jou yon jou. Apre bèl seremoni sa a mwen viv Risi Jodia mezanmi pèp Ayisyen , Ayiti premye Repiblik Nèg la lwen anpil men byen mal pa vle di lanmò .

Minis mwen swete lèt sa a touche w e ou mande zansèt nou yo padon ak bon jan direksyon konsa wa pran bon jan desizyon anvè moun ki pi mal yo .

Ann pran konsyans!

SALITASYON PATRYOTIK!

Moun ki li lèt sa a fèl rive jwenn MINIS NESMY MANIGAT pou mwen zantray mwen yo.

Jackson AMILCAR
ETIDYAN NAN RELASYON ENTÈNASYONAL NAN PEYI RISI

29/07/2022

Adresse

Toussaint Louverture
Cayes Jacmel
1991

Téléphone

+50947909062

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque NiC News info Cayes publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à NiC News info Cayes:

Partager