Radio Jakdesa Fm

Radio Jakdesa Fm Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Radio Jakdesa Fm, Station de radio, Cayes Jacmel.

Asanble Jeneral CPACKonsèy Administrasyon Caisse Populaire Avenir Cayes-Jacmel (CPAC) ap envite tout popilasyon Cayes-Ja...
30/12/2025

Asanble Jeneral CPAC

Konsèy Administrasyon Caisse Populaire Avenir Cayes-Jacmel (CPAC) ap envite tout popilasyon Cayes-Jacmel ak zòn ki antoure li, espesyalman sosyetè li yo, pou patisipe nan 21nyèm Asanble Jeneral li, ki ap fèt Dimanch 22 Fevriye 2026, apati 10è nan maten, nan Banbou Otèl, Cayes-Jacmel.

Nan asanble sa a, manm yo ap gen pou:

- Pran konesans sou rapò anyèl ak eta finansye Kes la
- Diskite ak staf la sou planifikasyon pou ane kap vini an
- Patisipe nan eleksyon pou eli:
- 3 manm Konsèy Administrasyon
- 1 manm Komite Kredi
- 1 manm Komite Sivyans

Tout moun ki enterese kapab pase nan syèj sosyal Kes la, ki nan Cayes-Jacmel, pou jwenn tout enfòmasyon sou kandidati yo.

CPAC ap resevwa kandidati soti lendi 24 novanm 2025 pou rive samdi 14 fevriye 2026 a midi.

Ou menm ki poko fè pati gran fanmi CPAC la, prese vin enskri pou w ka jwi tout privilèj ak sèvis CPAC ofri.

Konsèy Administrasyon CPAC ap pwofite okazyon sa a pou swete tout sosyetè yo, anplwaye yo, ak tout dirijan yo Jwaye Nwèl 2025 ak Bòn Ane 2026plen ak siksè ak pwogrè.

Nòt sa a pote siyati:
Jean-François Jean-Louis
Prezidan Konsèy Administrasyon CPAC

25/12/2025

final konkou premye edisyon nwel kay jakmel!!!

21/12/2025

Tout savoir sur le sport c'est sur JAKDESA fm 105.1. JAKDESA se youn soutni lot

JAKDESA ranpòte 9yèm edisyon “Konbit Pou Chanjman” epi pral mete sou pye yon ti laboratwa enfòmatik pou timoun yoJakmèl,...
10/12/2025

JAKDESA ranpòte 9yèm edisyon “Konbit Pou Chanjman” epi pral mete sou pye yon ti laboratwa enfòmatik pou timoun yo

Jakmèl, Haïti – Òganizasyon JAKDESA (Aksyon Jenès Anfans pou Devlopman Ekonomik ak Sosyal) fè pati 18 òganizasyon ki ranpòte 9yèm edisyon konkou Konbit Pou Chanjman, yon pwogram Fondasyon Digicel ki soutni pwojè kominotè ki pote chanjman reyèl.

Chak òganizasyon seleksyone ap resevwa 12 000 dola ameriken. JAKDESA pral itilize finansman sa a pou mete sou pye yon ti laboratwa enfòmatik ki pral sèvi timoun ak jèn nan kominote a. Inisyativ sa a vize amelyore aksè a teknoloji, ankouraje aprantisaj dijital, epi ogmante kapasite edikatif nan zòn nan.

Nan seremoni remiz pri a nan Kap Ayisyen, responsab JAKDESA yo eksprime rekonesans yo pou sipò Fondasyon Digicel la :
“Laboratwa enfòmatik sa a pral ouvri anpil pòt pou timoun yo. Nou kontan anpil pou konfyans Digicel mete nan pwojè nou an.”

Pwogram Konbit Pou Chanjman se youn nan pi gwo inisyativ sosyal Fondasyon Digicel, ki chak ane mete an valè òganizasyon lokal k ap travay pou chanjman dirab nan peyi a.

22/11/2025

Oganizasyon JAKDESA fete 19 ane ak Radyo JAKDESA fete 6 ane 18 novanm 2025.

Direktè ai santral Idwo-Elektrik Gaillard, Mesye Jean Paul Welderm, fè konnen teknisyen ki ta dwe vin pote solisyon pou ...
11/11/2025

Direktè ai santral Idwo-Elektrik Gaillard, Mesye Jean Paul Welderm, fè konnen teknisyen ki ta dwe vin pote solisyon pou pwoblèm teknik izin nan ap gen pou yo rive nan zòn Cayes-Jacmel pandan semèn sa a

Daprè enfòmasyon yo, kontak te deja fèt ak teknisyen yo depi Pòtoprens, men yo pa t kapab rive rapid akoz yon lòt entèvansyon yap fè nan zòn Mathurine, Okay Difon.

Direktè a presize , selon dènye nouvèl li resevwa, Vandredi se dat yo prevwa pou teknisyen yo antre Cayes-Jacmel pou kòmanse travay sou izin nan.

Li mande popilasyon an pou yo kontinye pran pasyans, paske lap fè tout jefò pou pèmèt sitèm nan tounen fonksyone nan pi bon delè posib.

29/10/2025

Radyo JAKDESA Fm. 105.1 stereo. mizik ofisyèl akonpaye travay ekip JAKDESA.. youn soutni lòt

24/09/2025

Sud'Est, le 23 septembre 2025 – *Kolektif libète ou lanmò*, composé de jeunes leaders, militants communautaires et professionnels engagés, a donné un point de presse ce mardi pour exprimer son inquiétude face à la montée fulgurante de l’insécurité en Haïti.

Les membres du groupe ont pris la parole pour dénoncer la crise haïtienne, l'ingérence du système impérialisme, ainsi que le silence complice de certaines autorités.

> « Nou pa ka viv konsa ankò ! Nou leve kanpe pou n di non ak enperyalis, ensekirite, vyò, vòl, koripsyon ak enkonpetans 9 tyoul oksidan an, se pou sa Nou ap fè l menm jan ak Nepal pou se Ayisyen atipik ki dirije peyi a», a déclaré l’un des porte-paroles.

*Kolektif Libète ou Lanmò* a appelé à une mobilisation nationale pacifique, tout en réclamant des mesures concrètes : justice pour les victimes, implication réelle de chaque citoyen pour combattre les malveillants.

Le groupe a également annoncé une série d’activités de mobilisation à travers le pays, pour dire non à l'occident, le peuple haïtien veut un changement radical pour sauvegarder la souveraineté nationale.
Ils ont réaffirmé leur détermination à continuer de porter la voix des sans-voix :
> « Ayiti se peyi nou. Nou ap fè Revolisyon sa a pou ajan doub pa dirije nou. Libète ou lanmò, ini nou, viv yon Ayiti granmoun ak respè»

Journaliste : Bédalite CALIXTE
Cameraman : Blondypics
Production : Radio JAKDESA

JAKDESA École Communautaire, située dans la commune de Cayes-Jacmel, a obtenu un taux de 100 % de réussite à l'examen of...
20/09/2025

JAKDESA École Communautaire, située dans la commune de Cayes-Jacmel, a obtenu un taux de 100 % de réussite à l'examen officiel de NS4 pour l'année académique 2024-2025.

Ce succès s’inscrit dans la continuité des performances de l’établissement, qui avait déjà enregistré cinq années consécutives de 100 % réussite à l’examen officiel de la 9e année fondamentale. (JAKDESA se youn soutni lòt)

07/08/2025

Coupe CERASOL de Bois ANNA
Young Wise 1-3 Atlanta

25/07/2025

Repòtaj sou netwayaj plaj Raymond les bains jedi 24 jiyè 2025
Production : Radio JAKDESA

25/07/2025

Adresse

Cayes Jacmel

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Radio Jakdesa Fm publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager